Accessibility links

Breaking News

Nouvo Prezidan Sena Ayisyen an Anvizaje Kèk Chanjman Nan Enstitisyon an


Men kèk nan prensipal pwen aktyalite a nan peyi d Ayiti:

Nouvo prezidan Asanble Nasyonal ayisyen an manifeste entansyon n poul fè chanjman nan enstitisyon. Yon korespondans Rotchild Francois Junior depi Pòtoprens.

Lekòl sekondè piblik yo paralize nan Nò peyi d Ayiti apre pwofesè yo dekrete yon grèv pou yo fòse responsab yo peye yo plizyè mwa aryere salè. Korespondan nou Yvan Martin Jasmin gen plis detay depi vil Kapayisyen.

Yon Palmantè ayisyen mande otorite yo bese pri angrè si yo vle ogmante pwodiksyon nasyonal la. Korespondan nou Alfred Jean ap di nou plis depi Gonayiv

Sepandan, Premye Minis ayisyen an Jacques Edouard Alexis fè konnen gen plizyè faktè ki rann li difisil pou otorite yo bese pri angrè ak pwodui premye nesesite yo. Korespondan nou Jean Christophe Collegue gen deklarasyon Chèf Gouvènman Ayiti a nan Mirebalais.

Pou w ka tande repòtaj sa yo, fè klik sou ralonj ki anlè foto a.

XS
SM
MD
LG