Tennis
Numewo 1 tenis mondyal feminen an Justine Henin tonbe nan kar de final tounwa tenis Open Ostrali a apre Rus Maria Sharapova demoli l ak 2 kout rakèt 6-4, 6-0--viktwa ki mete fen nan 32 viktwa afile Henin deja ranpòte. Sharapova pral rankontre nan semi final la Sèb Jelena Jankovic ki woule ameriken Serena Williams ak kout rakèt 6-3, 6-4.
Bò kote mesye yo espayòl Rafael Nadal pase nan semi final la san difikilte apre li kale Findlandè Jarkko Nieminen 7-5, 6-3, 6-1. Rafael Nadal pral rankontre franse Joe Wilfred Tsonga ki elimine Rus Michael Youzhny an 3 manch 7-5, 6-0, 7-6.
Basketball
Portland Trail Blazers te bezwen pwolongasyon pou l ranpòte yon viktwa de justès devan Atlanta Hawks 111 a 109.. Orlando Majik suprann Detroit Pistons ak yon viktwa 102 a 100 gras ak yon 2 pwen Rashad Lewis make nan fen tan regulye a. Chinwa Yao Ming make 30 pwen e trape balon an 17 fwa pou ede Houston Rockets wouze Seattle Supersonics ak yon viktwa 96 a 89.. Minnesota Timberwolves ranpòte yon vkktwa de justès devan Golden State Warriors 109 a 108. Washington Wizards danse sou Dallas Marvericks 102 a 84.
Football
Ejipt ap kòmanse defann tit chanpyon Afriken an jodi a lè lap rankontre Kameroun. Soudan kont Zambi. Yè Madi Kot Divwar suprann Nijerya ak yon viktwa 1 a 0 epi Benin tonbe devan Mali 1 a 0 nan group B a. Maròk ak Gana ap domine group A a ak 3 pwen yo chak.
FIFA ak Unyon Football Eropeyen an dakò pou peye anviwon 252 milyon dola pandan 4 pwochèn ane yo bay tout klub ki ta gen jwè kap patisipe nan koup du mond ak chanpyona Eropeyen. Antant la jwen pou satisfè revandikasyon meyè klub Eropeyen ki regroupe yo nan sa yo rele G-14. Antant la prevwa disolusyon group G 14 la disi Fevriye e fòme Asosyasyon klub Eropeyen kap gen landan anviwon 100 meyè klub kontinan an. Dapre antant la FIFA separe 110 milyon dola pami klub ki gen jwè kap patisipe nan koup du mond FIFA 2010 la. UEFA ap peye klub Eropeyen yo 63 milyon dola pou koup dEròp dè nasyon 2008 la epi 79 milyon dola pou konpetisyon 2012 la.