Accessibility links

Breaking News

Tounwa Entènasyonal Volebòl Ayisyen an Ranvwaye


Volleyball

Tournament Tounwa volebòl Entènasyonal ki te dwe dewoule weekend pase a nan Pòtoprens ak patisipasyon 2 klub dominiken pat fèt akoz dominiken yo te gen pwoblèm viza. Responsab yo anonse tounwa a ap dewoule weekend sa a apre yo rezoud pwoblèm viza pou delegasyon an. Se pat sèlman pwoblèm viza dapre nouvèl plizyè manb nan klub volebòl dominiken an pat gen paspò.

Football

Maròk pilon-nen Namibi 5 a 1 nan group A koup dAfrik dè Nasyon an kap dewoule nan Gana. Kot Divwar kont Nijerya nan yon gwo duèl ki mete fas a fas 2 puisans football sou kontinan an. Mali ap rankontre Benin nan lòt rankont la. Yè Dimanch la Gana kapote Guine 2 a 1 nan match douvètu a an prezans plis pase 40 mil fanatik ki te fè deplasman an.

Ejip ap kòmanse defann tit chanpyon Afriken an demen Madi lè lap rankontre Kameroun. Soudan ak Zambi ap rankontre nan menm jounen an nan group C a.

FIFA ak Unyon Football Eropeyen an dakò pou peye anviwon 252 milyon dola pandan 6 pwochèn ane yo bay tout klub ki ta gen jwè kap patisipe nan koup du mond ak chanpyona Eropeyen. Dapre antant la FIFA ap peye 110 milyon dola epi UEFA ap peye aproksimativman 142 milyon dola. Antant la jwen apre yon rankont ki dewoule jodi a nan katye jeneral FIFA nan Zurik an Swis.

Prezidan FIFA a Sepp Blatter ki tap patisipe nan seremoni douvètu koup dAfrik dè nasyon an supòte lide pou konpetisyon byenal la ta dewoule pandan debu sezon ete a pou konfòme l ak lòt kalandriye entènasyonal ansanm ak konpetisyon kontinantal--yon pozisyon jwè Afriken ak klub Eropeyen yo te deja pataje. Prezidan Konfederasyon Football Afriken an Issa Issa Hayatou fè konnen sa pap fèt toutotan li nan tèt òganizasyon football kontinantal la. Konfederasyon an deja fikse 3 pwochen faz final yo an 2010, 2012 ak 2014

Sou kontinan Eropeyen an an Itali fanatik AS Wòm yo entèdi pou pa asiste match ale kar de final koup dItali a fas a Sampdoria apre vyolans ki te genyen pandan weekend nan. 3 fanatik Katanya te blese pandan ensidan viktwa 2 a 0 AS Wòm te ranpòte nan stad Olenpik de Wòm nan.

Inter de Milan ranpòte yon vitwa 3 a 1 devan Parme. Juventus de Turen fè match nul 0 a 0 ak Sampdoria de Jè n. Livorno ranpòte yon tiktwa tou mens 1 a 0 devan Empoli aloske Napoli fè match nul 2 a 2 ak Lazio de Wòm. Parlèrm tonbe devan Siena 3 a 2. Milan AC ranpòte yon viktwa 1 a 0 devan Udinese. An Espay Atletico de Madrid tonbe devan Real Madrid 2 a 0. Racing Santander tonbe 1 a 0 devan FC Barselòn.

Etazuni kale la Chin 1 a 0 nan Guangzhou pou l ranpòte pou yon 3 zièm fwa afile tounwa 4 nasyon an. Kanada ak Findland se te lòt peyi envite yo.

Gen posibilite pou seleksyon football Salvador a jwe match retou kont Anguila a Ozetazuni akoz stad Anguila a poko pare pou akeyi yon rankont football entènasyonal. Match ale a fikse pou 9 Fevriye epi retou a le 23 Mars. Venkè seri ale/retou a ap rankontre Panama.

Seleksyon nasyonal maskulen ameriken an ranpòte yon viktwa 2 a 0 devan la Swèd Samdi nan kad yon match amikal entènasyonal ki jwe nan Carson an Kalifòni. Landon Donovan make youn pami gòl yo pou l tounen meyè butè seleksyon ameriken an ak yon total 35 gòl pandan 97 rankont.

Je Zolempik

Komite Olenpik Entènasyonal la seleksyone vil Moskou pou ak Sengapour kòm finalis pou akeyi je zolenpik pou Jè n yo an 2010. Anons ofisyèl vil dakèy la fikse pou 21 Fevriye. Objektif konpetisyon an se pou ankouraje patisipasyon jè n yo nan spò epi pou yo pase mwens tan devan yon òdinatè ak yon ekran televizyon. Anviwon 3 mil 500 atlèt ant laj 14 a 18 tan kapab patisipe. Premye je zolenpik dhivè yo fikse pou 2012.

Tennis

Ameriken Venus Williams kalifye pou kar de final tounwa tenis Open Ostrali a pou la premyè fwa depi 5 kan gras a 2 kout rakèt li pase Polonè Marta Domachowska 6-4, 6-4. Venus pral rankontre ak vedèt tenis Sèb Ana Ivanovic ki elimine ak difikilte danwa Caroline Wozniacki 6-1, 7-6. Lòt kalifye pou kar de final la se Slovak Daniela Hantuchovia ak adolesan Polonè Agnieszka Radwanska. Bò kote mesye yo Swis Roger Federer toupizi Tchèk Tomas Berdych 6-4, 7-6, 6-3 epi ameriken James Blake te fè yon bouche ak Kwat Marin Cilic 6-3, 6-4, 6-4. Sèb Novak Djokovic elimine ostralyen Lleyton Hewitt 7-5, 6-3,6-3. Djokovic pral rankontre espayòl David Ferrer ki elimine konpatriòt li Juan Carlos Ferrero 7-5, 3-6, 6-4, 6-1.

Football Ameriken

New England Patriots ki poko pèdu oken rankont depi sezon an kòmanse ap rankontre nan 42 zièm edisyon final Superbowl la ak revelasyon faz final la New Giants. Giants yo suprann Green Bay Pakers an pwolongasyon 23 a 20 aloske New England Patriots te wouze San Diego Chargers 21 a 12 pou l mete l a 18 viktwa 0 defèt. Final la fikse pou 3 Fevriye nan Glendale Arizona.

Basketball

Pat gen anpil aktivite nan NBA a Phoenix Suns van-nen New Jersey Nets 116 a 92. Supriz kay univèsitè yo Samdi pase Univèsite Maryland suprann numewo 1 an North Carolina ak yon viktwa de justès 82 a 80 nan yon rankont sere/sere.

XS
SM
MD
LG