Accessibility links

Breaking News

FIFA Suspann 4 Stad nan KONKAKAF la


Football

Republik Dominikèn, Zil Vyèj Ameriken yo, Montserrat ak Surinam pap kapab akeyi match kalifikatif koup du mond football FIFA/ Afrik du Sud 2010 la pou zòn KONKAKAF la akoz teren yo pa kalifye pou akeyi match football pou rezon sekurite, surte ak kalite. An konsekans Republik Dominikèn ap jwe kont Porto Riko nan fen mwa Mas la nan Pòto Riko pandan ke rankont Montserra ak Surinam nan ap jwe nan Trinidad and Tobago epi zil Vyèj kont Grenad la ap jwe nan La Grenad. Seleksyon sa yo ap jwe yon sèl match ki se yon eliminasyon dirèk. Rankont Beliz la ap jwe kont Sen Kitts and Navis ap dewoule nan stad San Mateo Flores la nan Gwatemala City. Match kalifikatif pou zòn KONKAKAF la ap demare 3 Fevriye lè Bermud ap akeyi Zile Kayiman yo.

Klub Meksiken America ranpòte tounwa football entèlig la sou tir de penalite fas a Cruz Azul 5 a 3 apre tan reglemantè a te fini 3 a 3. Tounwa a antre nan kad match kalifikatif pou Kopa Libertadores de America. Nan lòt rankont Guadalajara Atlas tronse San Luis 3 a 0 pou l rankontre klub Bolivyen La Paz nan yon match de baraj pou detèmine klub kap kalifye pou faz final la.

Footballè Kamerounè Samuel Eto’o ap fè pati seleksyon Kameroun nan ki pral patisipe nan koup dAfrik dè Nasyon an kap kòmanse semen pwochèn nan nan Gana. Eto’o make 2 gòl nan viktwa 4 a 0 Barselòn pase Murcia.

Yon kout je sou lòt jwè afriken ki pral patisipe nan konpetisyon byenal la. An Angletè Kongolè Christopher Samba make 3 zièm gòl li pou sezon an pou ede Black Burns ranpòte yon viktwa 2 a 1 devan Bolton Wanderers. Emmanuel Adebayor make yon gòl pou pèmèt Arsenal fè match nul 1 a 1 fas a Birmingham City.

An Frans Ivwaryen Amara Diane make 2 gòl nan viktwa 3 a 0 Pari Sen Jermen ranpòte devan Racing de Lens. Senegalè Massamba Sambou ede Monacaco ranpòte yon viktwa devan Lorien.

Nan La Oland Ganeyen Kwame Quansah ouvri skò a pou ede klub Heracles Almelo ranpòte yon viktwa tou mens 2 a 0 devan Sparta Rotterdam.

An Itali defansè Senegalè Ferdinand Coly pat anpeche Parme pèdu 2 a 1 devan Fiorentina. Atakan Ivwaryen Shabani Nonda ede klub Turk Galatasaray pase klub Rizespor yon swif 5 a 2.

Nan Pòtugal Kamerounè Albert Meyong Ze make yon penalite nan viktwa 2 a 1 Belenenses ranpòte devan Naval. Atakan Angolè Edson Nobre ede Pacos Ferreira ranpòte yon viktwa 3 a 1 devan Maritimo.

Aktyalite spòtif la nan lig Eropeyen yo nap kòmanse an Angletè kote Manchester United wouze Newcastle 6 a 0 pou l pran tèt klasman jeneral la apre Arsenal fè match nul 1 a 1 ak Bermigham City.

Chanpyon an tit premyè divizyon franse a Olempik de Lyon mete l a 6 pwen nan klasman jeneral la apre viktwa 3 a 2 yo ranpòte devan Toulouz.

Nan La Oland Ajax Amsterdam pilon-nen AZ Alkmaar 6 a 1 pou l klase 2 zièm dèyè Feyernoord. An Itali Milan AC woule Napoli 5 a 2 nan seri A a.

An Espay Real Madrid ap dodomeya nan tèt klasman jeneral la ak 37 pwen apre viktwa 2 a 0 yo ranpòte devan Levante.

An Amerik du Sud Federasyon football Bolivi a anonse desizyon FIFA pran pou l modifye entèdiksyon pou football dewoule an altitud avèk kèk kondisyon tankou periòd adaptasyon yon semen pou tout match football entènasyonal kap jwe nan yon altitud ki depase 2,750 mèt.

Responsab yo fikse yon periòd dadaptasyon 3 jou pou yon wotè 2,500 mèt. Si altitud la depase 3 mil mèt FIFA rekòmande pou rankont la jwe yon lòt kote a mwens jwè yo obsève yon periòd dadaptasyon 3. Mezu sa a kapab afekte stad Bolivi a nan La Paz ki situe a 3,600 mèt daltitud.

Ansyen footballè franse Zinedine Zidane manifeste entansyonn pou l retounen nan mond football la san li pa di ki wòl li ta renmen jwe. Zidane ki tap reponn kesyon magazin spòtif LEkip fè konnen li gen plan bati teren football nan vil Marseille kote li grandi.

Klub football ameriken Chikago Fire non-nen asistan ekip la Dennis Hamlett kòm nouvo antrenè apre antrenè Kolonbyen Juan Carlos Osorio kite klub la pou l pran tèt New York Red Bulls an Desanm dènye.

Cyclisme

Ajans Anti Dopaj Ostralyen an anonse yap pran yon seri de mezu sevè lè kous bisiklèt Down and Under ap demare semen pwochen nan nan Adelaide. Responsab yo, kap travay tèt a tèt ak Unyon Siklis Entènasyonal la pou suksè konpetisyon an, di yap reyalize tès sou siklis yo avan e pandan dewoulman kous la.

Tennis

Nan vil Sidne an Ostrali kote premye tounwa Gran Shelem pou ane a ap dewoule chanpyon sòtan an ameriken Serena Williams pase ostralyen Jarmila Gajdisiva 2 kout rakèt 6-3, 6-3 pou l pase nan 2 zièm tou a. Sèb Jelena Jankovic remonte yon defisi pou l kale adolesan ostralyen 2-6, 6-2, 12-10 nan yon rankont ki te dure 3 zhè.

Numewo 1 mondyal la bèlj Justin Henin kalifye san difikilte gras ak yon viktwa 6-2, 6-2 li ranpòte devan Japonè Aiko Nakamura. Supriz bò kote mesye yo apre franse Jo-Wilfred Tsonga voye al bwa chat britanik Andy Murray 7-5, 6-4, 06, 7-6 pandan ke ameriken Andy Roddick ranpòte yon viktwa byen fasil devan Tchèk Lukas Dlouhy 6-3, 6-4, 7-5. Espayòl Rafael Nadal pase nan 2 zièm tou a anba redu 7-6, 7-5, 6-1 devan Sèb Viktor Troicki. Rus Nikolay Davydenko suprann franse Michael Llodra 7-5, 7-5, 6-3.

Football Ameriken

Supriz nan faz final footbòl zèpòl kare a apre San Diego Chargers suprann Indianapolis Colts ak yon viktwa 28 a 24. San Diego ap rankontre nan final konferans Ameriken an New England Patriots kap dodomeya nan sezon an ak 17 viktwa 0 defèt. New York Giants kapote Dallas Cowboys 21 a 17. New York Giants pral rankontre nan final konferans Nasyonal la Green Bay Packers. Venkè 2 konferans yo ap rankontre nan 42 zièm edisyon final superbowl la pou detèmine chanpyon nasyonal pou sezon an. nan Glendale an Arizona 3 Fevriye.

Basketball

Toronto Raptors te bezwen 2 pwolongasyon pou l kale Portland Trail Blazers 116 a 109. Kobe Bryant make 37 pwen nan viktwa de justès 100 a 99 yo ranpòte devan Memphis Grizzlies. New Orleans Hornets te sere boulon chinwa Yao Mingh pou l ranpòte yon viktwa tou mens devan Houston Rockets 87 a 82.. New York Knicks devore Detroits Pistons 89 a 65 pandan ke Golden State Warriors te fè anpil efò avan li kale Indiana Pacers 106 a 101.

Atletisme

Kenyan David Cheruiyot ranpòte maratoh Houston nan an 2 zhè--12 minit-32 sekond. Etyopyen Kasime Adilo bay yon rekò an 2 zhè--24 minit--40 sekond-swa 2 minit-26 sekond-52 an mwens.

Kourè Brezilyen Adriano Bastos ranpòte pou yon 4 trièm fwa marathon Disney a ki tap dewoule nan Buena Vista an Florid.. Kourè ameriken Melanie Peters ranpòte kategori meda m yo.

Neo Zelandè Mike Aish ranpòte maraton Rock’n’Roll nan Arizona nan Phoenix. Ethyopyen Dejene Yirdawe fini 2 zièm. Etyopyen Adanech Zekiros ranpòte konpetisyon an pou yon 5 kièm fwa.

XS
SM
MD
LG