Accessibility links

Breaking News

Prezidan Bush Deklare Iran Se Pi Gwo Patwon Terorism Nan Lemond


Prezidan Bush deklare Iran se pi gwo peyi k'ap patwone terorism nan lemond. E li egzòte alye Etazini nan Gòlf arabo-pèsik la pou yo konfwonte danje sa a anvan l’twò ta. Sou yon estrad nan Abu Dhabi, kidonk sou mwens ke 300 kilomèt distans ak Iran, George Bush pat' met' dlo nan bouch li pou li denonse Iran.

Lidè ameriken-an di "aksyon Iran menase sekirite nasyon toupatou. Se pousa Etazini ap ranfòse aranjman sekirite li ak nasyon nan Gòlf-la. Pi lwen, msye Bush te raple ke Iran ap soutni aktivite ekstremis nan Irak, Liban, ak teritwa palestinyen yo. Diskou sa a rive nan mwatye yon vire won nan Mwayen-n-Oryan an kote konfli Izrayèl ak Palestinyen yo rete prezan nan deba yo.

Premye Minis Ehud Olmert deklare dimanch nan reyinyon Kabinè ministeryèl li a. Dirijan izrayelyen an di Prezidan Bush pwomèt, pandan vizit li a, pou l’pa fòse Izrayèl fè lapè toutotan Palestinyen yo pa respekte angajman yo pran pou konbat terorism.

Bò kote pa li, Prezidan palestinyen an, Mahmoud Abbas, anonse ke negosyatè izrayelyen ak palestinyen pral reyini demen lendi a pou yo kòmanse travay sou kesyon fondamantal ki dwe rezoud anvan yo siyen yon trete pou lapè nan zòn nan. Msye Abbas di yo pral diskite sou avni vil Jerizalem, refijye palestinyen yo ak fwontyè yon pwochen eta palestinyen endepandan.

Koute repòtaj nou an; Fè klik sou ralonj ki anlè atik la.

XS
SM
MD
LG