Accessibility links

Breaking News

Marion Jones Kondane Pou Passe 6 mwa Prizon


Atletisme

Ansyen kourè ameriken Marion Jones ki an disgras gen pou l pase 6 mwa nan prizon akoz li te bay anketè ameriken manti sou uzaj steroyid ak yon operasyon fo chèk.

Tennis

Aktualite-a nan tenis pou kòmanse : Tiraj-o-sò Open Ostrali-a kap kòmanse lendi pwochenm nan Melbourne . Dabò kay mesye-yo , numewon 1 mondyal-la , tèt de seri numewo 1-an , suis Roger Federer ap kòmanse defann tit-li devan arjanten Diego Hartfield ; numewo 2-a , espayòl Rafaèl Nadal ap rankontre ak yon jwè ki soti nan kalifikasyon pandan ke numewo 3 sèb Novak Djokovitch ap jwe kont alman Benjamin Becker.

Kay medam-yo , numewo 1-an bèlj Justine Henin ap jwe kont japonèz Aiko Nakamura. Chanpyòn an tit-la ,amerikèn Serena Williams ap kòmanse kanpay-li-a kont ostralyèn Jarmila Gajdosova . Serena ak Sè l Venus nan 2 pwen opoze nan tablo-a ...e sèl posibilite pou yo rankontre se an final.

Grèk Eleni Daniilidou ranpòte tounwa tenis Hobart Entènasyonal la san li pa tire yon kout rakèt apre Rus Zvonareva pran yon chòk nan pye 2 zhè avan dewoulman final la.

Bèlj Justin Henin ranpòte 28 tièm viktwa afile l apre li ranpòte tounwa tenis Sidney Intenasyonal la fas ak Rus Svetlana Kuznetsova 4-6, 6-2, 6-4.

Jwè tenis chipriyòt Marcos Baghdatis ap rankontre ameriken Andy Roddick nan final tounwa tenis Kooyong Classic la kap dewoule an Ostrali.

Tenis toujou : ansyen numewo 1 mondyal Juan Carlos Fererro kalifye pou premye fwa pou final tounwa Heineken-nan kap dewoule nan Nouvèl Zeland. Espayòl la kale fransè Julein Benneteau an 2 sèt 6-3, 6-4. Demen samdi-a Fererro ap rankontre ak alman Philipp Kohlschreiber ki kouri ak ajanten Juan Monaco an 2 sèt : 6-2, 6-1.

Football

Ansyen kapitè n seleksyon Angle a David Beckham di li espere prestij li sou teren an kapab ede Angletè jwen dwa pou l akeyi koup du mond football an 2018. Beckham ki te rankontre Premye Minis Britanik la yè Jedi a, eksprime enterè l pou l ta tounen anbasadè bòn volonte pou ede Angletè akeyi konpetisyon an.

Ann Angletèr , nouvèl-la ofisyèl fransè Nicolas Anelka kap jwe nan Bolton siyen yon kontra ak Tchelsi pou jiskan 2012 pou anviwon 30 milyon dola. Transfè total kontra a koute 166 milyon dola yon rekò konpare ak 151 milyon dola frè transfè pou Arjanten Juan Sebastian Veron. Responsab yo tap chache yon ranplasan pou Ivwaryen Didier Drogba ak Salomon Kalou ki gen pou reprezante peyi yo nan Koup dAfrik dè nasyon an kap dewoule nan Gana.

Nouvo antrenè Bayern de Munik-la rele Jurgen Klismann. Bayern pat pran anpil tan apre depar aktuèl antrenè-a Ottar Hitzfeld te vinn ofisyèl. Ansyen antrenè seleksyon almand-la ap pran fonksyon le 1 Juyè, ki donk li gen 6 mwa pou-l prepare sezon apre-a . Misyonn dabò se mete plis stabilite nan ekip sa-a ki sou 3 antrenè nan mwens pase yon lane. Nap raple Kilsman , 43 zan , se pa yon enkonu paske li te deja jwen nan ekip-la

Foutbòl toujou : jou-yo ap mache pou kou danvwa 26 zièm edisyon Koup dAfrik dè Nasyon an kap demare 20 Janvye pou l fini 10 Fevriye nan Gana. Sa fè Gana 4 trièm fwa lap akeyi konpetisyon an. Ejipt, ki ranpòte konpetisyon an 5 fwa, ap fè 21 nièm vwayaj li. 9 sou yon total 13 peyi ranpòte konpetisyon an o mwens 1 fwa. Se premye fwa Soudan ap patisipe nan konpetisyon an depi 1974. Pwochen edisyon ap dewoule nan Angola an 2010, Gana ak Guine Ekwatoryal an 2012 epi Libi an 2014.

Basketball

Detroit Pistons kale San Antonio Spurs 90 a 80 nan youn ekzibisyon 2 pami pibon ekip nan NBA a. Utah Jazz van-nen Phoenix Suns 108 a 86 epi Sakramento Kings remonte yon defisi 10 pwen pou l ranpòte yon viktwa tou mens 116 a 113 devan Memphis Grizzlies.

XS
SM
MD
LG