Accessibility links

Breaking News

Ann Ayiti, Fen Manda yon Tyè Sena a Kontinye Domine Deba yo sou Sèn Politik la


Ann Ayiti, kesyon ap poze pou mande eske 10 senatè (swa yon tyè Gran Kò a) pral kite pòs yo nan mitan mwa Janvye a, jan konstitisyon an prevwa l la, oubyen pral rete nan palman an ann atandan òganizasyon pwochen eleksyon yo. Nou genyen 3 repòtaj sou dosye sa a avèk -antwòt- opinyon pwofesè dwa konstitisyonèl Mirlande Manigat ak pozisyon youn nan palmantè konsène yo, Senatè Gabriel Fortuné. Yon lòt kote, yon manm palman an fè konnen kè-sote li genyen devan posiblite pou pwochen eleksyon yo kreye plis pwoblèm nan peyi Dayiti.

Klike sou lyen anlè a pou w koute devlopman nouvèl sa yo ak jounalis e korespondan nou yo.

XS
SM
MD
LG