Accessibility links

Breaking News

Redskins Bezwen Yon Antrenè-1


Football Ameriken

Gwo nouvèl isit Ozetazuni se demisyon Joe Gibbs kòm antrenè Washington Redskins. Lejandè antrenè NFL-la anonse demisyonn jodi madi-a 3 jou apre ekip-la elimine nan faz final konpetisyon-an devan Seatle Seahawks. Administrasyon Redskings di Gibbs ap rete yon fanm fanmiy ekip-la e li pral jwe wòl konseye pou mèt ekip-la Dan Snyder. Washington Redskins

Foutbòl: Koup de la Lig ann Angletèr : Chanpyon antit-la Tchelsi ap jwe aswè-a kont Everton demi-final ale-a. Mèkredi Arsenal ki te pèdu an final ane pase dwevan Arsenal pral jwe kont rival-li Totenham nan yon duel londonien.

Federasyon Football Cameroun nan mande klub football espayòl Barselòn pou libere Samuel Eto’o pou l kapab rejwen seleksyon nasyonal ki pral patisipe nan koup dAfrik dè Nasyon an kap kòmanse 20 Janvye nan Gana. Règleman FIFA yo mande tout klub pou libere jwè yo 2 semen avan dewoulman yon konpetisyon kontinantal.

Basketball

A Golden State Warriors te bezwen pwolongasyon pou l kale chanpyon an tit NBA a San Antonio Spurs 130 a 121. Phoenix Suns van-nen Denver Nuggets 137 a 115.

Tennis

Tenis . Nan tounwa Heineken-nan nan Nouvèl Zeland-la , ansyen chanpyon Rolan Garos , espayòl Juan Carlos Ferrero kalifye san jwe pou 2e tou . Advèsèl-la koat Mario Ancic kite akoz yon pwoblèm lestomak. Gen dout kap peze sou patisipasyonn nan Open Ostrali-a , premye tounwa Gran Chelem pou ane-a kap kòmanse 14 janvye pwochen. Nan lòt rankont, alman Philipp Kolschreiber (7) kale ameriken Michael Russel an 2 sèt 7-5, 6-2. Kalifikasyon pou chilyen Nicolas Massu ki elimine yon pitit tèt-a G-D Jones an 2 sèt : 6-4, 6-2. Lòt kalifye ankò se bèlj Olivier Rochus ak ajnten Sergio Roitman.

Tenis toujou : Bèlj Justin Henin kalifye pou kar de final tounwa tenis Sydne apre Tchèk Lucie Safarova te abandone rankont la akoz blesu. Nap retounen kay mesye-yo : Tchèk Radek Stepanek woule ak kout rakèt espayòl Tommy Robredo . 2 sèt a 0 : 6-4, 6-2. Ostralyen Chris Guccione kale espayöl Alberto Martin 7-6, 6-4. Rus Dmitri Tursunov elimine Swis Stanislas Wawrinka 6-3, 6-3 epi Italyen Andreas Seppi te fè anpil efò avan li kale franse Jo-Wilfried Tsonga 3-6, 6-3, 6-2. Se dènye konpetisyon tenis anvan Open Ostrali.

XS
SM
MD
LG