Jamayik/ Dopaj
Otorite yo nan Jamayik anonse plan pou ranfòse lwa anti dopaj avan dewoulman je zolenpik Peken yo. Responsab yo espere palman an pral adopte lwa anti dopaj la disi Mars. Responsab anonse fòmasyon yon komisyon pou anpeche pwodui entèdi antre nan peyi a.
Tenis
Ajanten Juan Ignacio Chela pase akote yon defèt pou l kale Neozelandè Dan King-Turner 5-7, 6-2, 7-5 nan tounwa tenis Nouvel Zeland la. Ameriken Sam Querry tonbe devan alman Florian Meyer 7-5, 6-3.
Ostralyen Jelena Dokic kale alman Martina Mueller 6-4, 0-6, 6-2 nan ouvètu tounwa tenis Hobart entènasyonal la. Malgre viktwa a Dokic dwe jwe yon seri de match de baraj avan li elijib pou l patisipe nan tounwa tenis Open Ostrali a.
Ameriken James Blake tonbe nan tounwa tenis Sydney Entènasyonal la devan franse Fabrice Santoro 7-6, 6-2.
Franse Amelie Mauresmo ak chinwa Li Na pap patisipe nan tounwa tenis Entènasonal Sidney a akoz blesu. CN-37
Franse Michael Llodra ranpòte tounwa tenis Adelaid la an Ostrali fas ak Findlandè Jarkko Nieminen 6-3, 6-4.
Rus Michail Youzhny supran numewo 2 mondyal la espayòl Rafael Nadal pou l ranpòte tounwa tenis Open Chennai la an an End 6-0, 6-1. Tounwa sa a antre nan kad tounwa chofe jarèt avan debu tounwa tenis Open Ostrali a premye Gran Shelem pou ane.
Football
Responsab Kot Divwa yo ranplase antrenè a Ulrich Stielike-2 semen avan kou danvwa koup dAfrik dè Nasyon an pou rezon sante. Antrenè seleksyon Olenpik la franse Gerard Gili ap pran tèt seleksyon an. Prezidan FIFA a Sepp Blatter kritike federasyon football Angle a akoz li anplwaye yon antrenè etranje nan tèt seleksyon an. Kritik la fèt nan moman antrenè Italyen Fabio Capello rive an katye jeneral federasyon football Angle pou premye jounen travay li.
San Diego Chargers tronse Tennessee Titans 17 a 6 pou l al rankontre nan semi final chanpyona football zèpòl kare ameriken an ak Indianapolis Colt semen pwochen nan. Nan lòt semi final la New England Patriots gen pou rankontre Jacksonville Jaguars ki elimine Pittsburgh Steelers 31 a 29. New York Giants kale Tampa Bay Buccaneers 24 a 14 pou l al rankontre Dallas Cowboys. Seattle Seahawks, ki elimine Washington Redskins 35 a 14 gen pou rankontre ak Green Bay Pakers.
Bò kote Univèsitè yo aswè a nan New Orleans Univèsite Ohio ap rankontre Louisana State pou detèmine chanpyon nasyonal pou sezon an.
BAsketball
Vedèt Cleveland Cavaliers la Lebron James make 39 pwen nan viktwa tou mens Cleveland ranpòte evan Toronto Raptors 93 a 90. Isit Washington ekip lokal la Wizards wouze Seattle Super Sonics 108 a 78. Dallas Marvericks pilon-nen Minneapolis 101 a 78. Allen Iverson make 38 pwen nan viktwa 109 a 96 Denver Nuggets ranpòte devan Philadelphia 76ers.