Accessibility links

Breaking News

Dopaj Toujou ap Trakase Atlèt Ameriken yo.


Atletisme

Ansyen chanpyon Olenpik Ameriken Marion Jones fè konnen li resevwa twòp punisyon e ke juj la pa ta dwe voye l nan prizon pou tèt li te bay anketè yo manti sou dopaj ak fo chèk. Avoka ansyen kourè a depoze yon dokuman 31 Desanm 2007 pou l mande juj la mete manmzèl an pwobasyon--pandan yon sèten tan ak pwomès pou l pa tonbe nan oken eskandal.

Justin Gatlin yon lòt atlèt ameriken ki an disgras pou dopaj di li prale an apèl ak desizyon ajans anti dopaj ameriken an pran pou suspann li pou 4 tran sa ki rann li inelijib pou l patisipe nan je zolenpik Peken yo ane sa a. Gatlin, ki te pataje rekò du mond mondyal 100 mèt la ak Jamayiken Asafa Powell, te dwe resevwa yon suspansyon avi, akoz sa fè 2 zièm fwa li te teste pozitif. Responsab yo te suspann msye pou 8 tan men akoz li te kolabore pou ede mete men sou lòt magouyè ajans anti dopaj ameriken te redui pè n a 4 tran.

Kous Otomobil

Gouvènman Franse a avèti sitwayen franse pou pa ale nan Moritani mwasa a nan okazyon kous Pari/ Dakar la apre lanmò 4 touris franse pandan fèt nwèl la. Mezu a vize menm franse kap patisipe nan konpetisyon an. Òganizatè konpetisyon an di yo rankontre responsab yo ki bay garanti yap ogmante mezu sekurite yo nan tout sikwi konpetisyon an. Rally Paris DAkar la kòmanse nan Dakar e li gen pou l fini nan Dakar Senegal 20 Janvye apre plis pase 550 konpetitè finn kouvri 9 mil kilomèt. Responsab yo anonse edisyon 2010 la ap kòmanse nan Budapest nan Hongri.

Tennis

Etazuni ak Sèvi kalifye pou final koup Hompman pa ekip miks la kap dewoule nan Perth an Ostrali. Ameriken yo elimine Ostrali 3 a 0 pandan ke Sèvi kale Arjantin 2 a 1. Etazuni ap rankontre ak Sèbi Vandredi swa.

Ansyen numewo 1 tenis mondyal maskulen ostralyen Lleyton Hewitt kalifye pou kar de final tounwa tenis Adelaide la aprel i woule ak kout rakèt arjanten Jose Acasuso 6-2, 6-2. Hewitt pral rankontre ak franse Wilfried Tsonga ki elimine Lituanyen Ernsts Guilbis 6-3, 6-2. Lòt kalifye pou kar de final la se ameriken Vince Spadea ki pral rankontre Findlandè Jarkko Nieminen.

Supriz bò kote meda m yo apre franse Amelie Mauresmo tonbe devan Swis Patty Schnyder an 2 manch 6-4, 6-4 nan kar de final la. Schnyder pral rankontre chinwa Li Na ki elimine Tchèk Nicole Vaidisova 6-3, 6-3. Izrayelyèn Shahar Peer kalifye pou semi final la apre li remonte yon defisi pou l kale chanpyon sòtan an Dinara Safina 4-6, 6-1, 7-6 pou l al rankontre Belarus Viktoria Azarenka.

Ameriken Lindsay Davenport kontinye pran elan nan tounwa tenis feminen kap dewoule nan Nouvel Zeland. Davenport te bezwen 57 minit pou l kale Italyen Sara Errani 6-3, 6-3. Nan semi final la Davenport pral rankontre ak adolesan Otrichyen Tamira Paszek. Neo Zelandè Marina Erakovic te fè kè fanatik yo kontan apre li remonte yon defisi pou l kale Rus Vera Zvonareva 6-3, 2-6, 7-5. Tounwa sa yo fè pati yon seri de tounwa tenis chofe jarèt avan tounwa tenis Gran Shelem Open Ostrali a kap kòmanse 14 Janvye nan vil Melbourne.

Vedèt tenis Rus Maria Sharapova kalifye pou semi final tounwa tenis Hong Kong nan apre li kale danwa Caroline Wozniacki 6-2, 6-2. Sharapova pral rankontre konpatriòt li Anna Chakvetadze ki elimine Slovak Daniela Hantuchova 6-4, 6-3.

Basketball

Detroit Pistons ranpòte 10 zièm viktwa afile l yè swa apre li kale Washington Wizards 106 a 93. Toujou yè swa Boston Celtics te fè anpil efò avan li kale Houston Rockets 97 a 93. Lebron James make 36 pwen pou ede Cleveland Cavaliers kale Atlanta Hawks 98 a 94. Lòt ekip ki ranpòte la viktwa yè swa se Portland, Dallas, New Jersey, Chikago, Memphis, Milwaykee, Sakramento, Utah ak New Orleans.

Olympics

Otorite an Chin kòmanse yon operasyon netwayaj nan vil Peken kote yo kòmanse pouse do mandyan, machan anbulan ki gen otorizasyon pou kenbe vil la pwòp avan dewoulman je zolempik yo. Otorite yo ap men-nen yon kanpay edukasyon pou aprann chinwa yo pa krache nan la ri epi kanpe nan liy. Polisye yo kòmanse apre angle ansanm ak chofè taksi yo( my father is rich).

Football

Otorite Iranyen yo non-men Artur Jorge, dorijin Pòtugè, kòm nouvo antrenè seleksyon an. Nominasyon an fèt nan moman Iranyen yo ap prepare 3 match amikal kont Katar ak Mali nan Teheran fen mwa a. King Jorge te demisyone nan tèt seleksyon Kamaroun nan apre seleksyon an te elimine nan kar de final Koup dAfrik dè Nasyon an.

XS
SM
MD
LG