Accessibility links

Breaking News

Footballè Brezilyen Romario Suspann pou 4 Mwa


Football

Yè jedi-a, La justis nan peyi Brezil kondane pou 120 jour ansyen avan sant brezilyen-an Romario apre yon kontwol anti-dopaj. Prezidan Tribunal Superyè Spòtif-la Rubens Approvado Machado rejte apèl Vasco de Gama pou anule suspansyon-an. Romario 41 nan kap antrene Vasco depi premye desanm dwe tann yon nouvo pwosès pou konnen si vréman suspansyon-an definitiv---pwosè kap dewoule 24 e 31 janvye . Chanpyon du mond 94-la te kontwole pozitiv pou FINASTERIDE apre yon match kont Palmeiras nan dat 28 oktòb.

Jwè Real Madrid-yo ap touche yo chak anviwon 1 milyon dola si yo fè yon triple...sa vle di si yo ranpòte Koup du Wa-a , Chapyona d’espay e Lig Chanpyon ewopeyen-an. Ki donk si Real reusi triple-a responsab-yo ap debouse anviwon 22 milyon dola puiske Real genyen yon efektif 22 jwè.

Je Zelenpik

Òganizatè je zolenpik Peken 2008 yo anonse 36 sou yon total 37 enstalasyon spòtif ap konplete disi 31 Desanm eksepte stad nasyonal 91 mil plas la ki rele “ Nid Jwazo” akoz fòm li men kap fini an Mas 2008. Vis prezidan komite òganizatè a Jiang Xiaoyu deklare jodi a stad Aquatik la ap pare pou yon tès an Janvye. Gouvènman chinwa a depanse anviwon 40 milya dola pou akeyi konpetisyon an kap k̀kòmanse 8 Out 2008. Anons sa a fèt malgre Amnesty Entènasyonal ak lòt gwoup dwazumen kritike responsab yo ke yo ki swa pouse do rezidan yo ou byen mete yo nan prizon pou fè plas pou konstruksyon enstalasyon spòtif yo

Basketball

Lebron James make 24 pwen nan viktwa 88 a 81 Cleveland Cavaliers ranpòte devan Dallas Marveriks yè swa nan NBA a. Phoenix Suns wouze Los Anjeles Clippers 108 a 88 gras ak 30 pwen Amare Stoudamire make ansanm ak 15 balon li trape. Boston Celtics te fè anpil efò avan li kale Seattle Super Sonics 104 a 96. Paul Pierce make 37 ak Kevin Garnett ajoute 23 pwen nan viktwa a.

Tennis

Asosyasyon tenis pwofesyonèl la konfime jwè tenis Italyen Potito Starace ak Daniele Bracciali te parye nan plizyè match tenis-yon vyolasyon tounwa tenis maskulen an. Nan yon deklarasyon ATP publiye yè Jedi a li fè konnen ankèt li men-nen revele Starace te mize lajan nan plizyè match tenis ant Fevriye a Me 2006. Ankèt la revele Bracciali te parye lajan ant Me 2004 a 2005.. Kòm konsekans Starace resevwa yon suspansyon 6 semen epi yon amand 30 mil dola. Braciali resevwa yon suspansyon 3 mwa ak yon amand 20 mil dola. Suspansyon an ap kòmanse 31 Desanm.

XS
SM
MD
LG