Accessibility links

Breaking News

Gouvènman Chinwa a Soulaje Travay Jounalis yo


Je Zolenpik

Yon responsab wo plase gouvènman chinwa a fè konnen nouvo règleman ki vize rann li pi fasil pou jounalis bay nouvèl sou la chin avan je zolenpik yo kapab pwolonje apre konpetisyon an. Nouvo règleman yo tap pèmèt jounalis yo entèviouwe pèp chinwa a san pèmisyon gouvènman an. Anpil òganizasyon libète la près di jounalis yo toujou ap fè fas ak yon seri de obstak nan zòn andeyò yo.

Basketball

Boston Celtics te pran plezi pou l kale Sakramento Kings 89 a 69. Chris Paul make 40 pwen nan swif New Orleans pase Memphis Grizzlies 116 a 98. San Antonio Spurs danse sou Chikago Bulls 94 a 79. Washington Wizards te fè anpil efò avan li kale Charlotte Bobcats 108 a 104.

Responsab basketball Univèsitè group 12 la rale zòrèy antrenè Bob Knight apre dènye kòmantè malouk li te fè kont abit yon rankont. Règleman yo entèdi antrenè kritike publikman abit yon rankont.

Football Ameriken

Fanatik football zèpòl kare yo ap gen chans asiste rankont istorik Samdi ant New England Patriots ak New York Giant. New England pral chache tounen premye ekip depi 1972 kap ranpòte 16 viktwa 0 defèt pandan yon sezon.Miami Dolphins te ranpòte 14 viktwa pandan sezon regulye a avan li te ranpòte tit chanpyon nasyonal pou sezon an. Match la kap retransmèt par kab pral restransmèt nan yon chèn televizyon publik pou fanatik yo kapab swiv li. New England deja ranpòte 15 viktwa 0 defèt.

Football

Otorite yo nan Vyetnam aksepte naturalize yon brezilyen--desizyon ki louvri pòt la pou Fabio Dos Santos jwe nan seleksyon nasyonal football peyi a. Gen plis pase 100 footballè kap evolye nan chanpyona premyè ak 2 zièm divizyon. Klub football brezilyen Flamengo ki ranpòte chanpyona a 5 fwa ap negosye ak Ronaldo nan kad yon tantativ pou l retounen O Brezil. Negosyasyon an ap fèt malgre Milan AC anonse sou sit entènèt la pa gen oken transfè kap negosye.

Tennis

Ameriken Serena Williams ap rate tounwa tenis par ekip Koup Hopman nan nan Perth an Ostrali akoz blesu. Ameriken Meghan Shaughnessy ap ranplase l. Serena, kap rive nan Wès Ostrali pandan weekend nan, kapab jwe pwochen rankont la kont Republik Tchèk. Règleman yo prevwa yon jwè tenis kapab ranplase yon lòt pwovizwaman.

XS
SM
MD
LG