Accessibility links

Breaking News

Mache Transfè Footballè Eropeyen yo Louvri


Football

Mache transfè sezon hivè a louvri jodi a ak posibilite pou Ronaldo ta kite Milan AC pou l retounen nan Flamengo ki jwen otorizasyon Milanè yo pou l diskute yon kontra ak ansyen vedèt seleksyon nasyonal Brezilyen an. Gen posibilite pou Meksiken Giovani dos Santos kite FC Barselòn pou l jwe nan yon lòt klub. Fenèt transfè a ap fèmen 1 Janvye.

Irak ki se chanpyon an tit koup Azyatik la make 3 gòl pandan 2 zièm mitan an pou l kalifye pou final koup Wa a kap dewoule nan Bangkok. Irakyen yo rive nan final la apre yo kale Uzbekistan 3 a 1 pou l al rankontre Tailand ki li menm kale Kore du Nò 1 a 0. Final la fikse pou Samdi.

Federasyon Footbal Sèbi a non-men ansyen defansè Yougoslav Miroslav Djukic kòm nouvo antrenè ekip la apre yo revoke espayòl Javier Clemente ki pat ede ekip la kalifye pou faz final Ero 2008 la.

Basketball

Nouvèl ki soti Cleveland rapòte ekip basketbal lokal la Cavaliers yo te fè anpil efò avan li kale Miami Heat 96 a 82 youn pami 3 rankont ki jwe yè swa nan NBA a. Los Anjeles Lakers kale anba redu Phoenix Suns 122 a 115 gras ak 38 pwen Kobe Bryant make nan rankont gason pa kanpe. Nan Portland-Trail Blazers ranpòte yon viktwa 89 a 79 devan Seattle SuperSonics.

Boxe

Boksè Sud Koreyen Choi Yoi-sam entène lopital kote lap resevwa swen pou blesu pandan rankont entèkontinantal kont Heri Amol. Coi ki te tonbe 2 pye long pandan 12 zièm round nan ranpòte rankont la opwen. Doktè yo di boksè a trouve l nan koma depi li te pèdu konsyans nan fen rankont kategori mwens de 51 kilo.

XS
SM
MD
LG