Prezidan ayisyen an René Préval rekonèt egzistans ensekirite nan peyi a pandan peryòd fèt la. Korespondan nou Rotchild François, Jr. di nou prezidan an pwofite lanse apèl bay bandi yo pou yo libere ti moun yo kenbe annotaj yo.
Otorite lajistis nan Plato Santral la ap kesyone 2 moun an koneksyon ak asasina ki fèt nan zòn nan. Korespondan nou Jn-Christophe Collègue gen detay depi Mibalè.
Nouvèl ki soti nan vil Ti Gwav fè konnen yon fo doktè ak 2 lòt moun trouve yo nan prizon apre lanmò yon adolesan. Korespondan nou Montigène Sincère ap eksplike.
Otorite lajistis yo anonse pwogram refòm aparèy jistis la ap kòmanse apati de mwa janvye 2008. Yon korespondans Luckner Laguerre depi vil Jérémie.
Gouvènman ayisyen an kòmanse yon operasyon distribisyon jwèt pandan sezon fèt la dapre korespondan nou Jn-Hernst Eliscar ki nan vil Okay.
Pou w koute repòtaj sa yo an detay, fè klik sou ralonj ki anlè foto a.