Football
Responsab yo nan KONKAKAF la anonse dat match kalifikatif faz final Je Zolenpik yo. Nan Group B a Haiti ap rankontre Gwatemala le 12 Mars epi Kanada kont Meksik nan menm jounen an. 14 Mas Ayiti kont Kanada epi Meksik kont Gwatemala. 16 Mas Gwatemala kont Kanada epi Meksik kont Ayiti. Group B a ap jwe nan Carson an Kalifòni.
Nan group A a kap jwe nan Tampa an Florid. Panama kont Honduras epi Etazuni kont Kuba le 11 Mars. Honduras kont Kuba epi Etazuni kont Panama le 13 Mars. Kuba kont Panama epi Etazuni kont Honduras le 15 Mars. 2 premye nan chak group ap rankontre nan semi final. Epi finalis yo ap reprezante zòn KONKAKAF la nan Je Zolenpik Peken 2008 yo.
Footballè Angle David Beckham deklare li ta renmen jwe pou nan seleksyon Angle a ke Italyen Fabio Capello ap antrene malgre mezantant yo te genyen pandan Capello tap antrene Real Madrid. Beckham fè konnen li ta renmen jwe 100 tièm rankont li nan match amikal angle yo gen pou jwe kont la Swis 6 Fevriye nan stad Wembley a. Capello, ki pa gen oken garanti, fè konnen lap reflechi seryezman sou posibilite pou l ta konvoke Beckham nan seleksyon an. Konfederasyon Football Azyatik la seleksyone Endonezi ak Tailand pou akeyi an tandèm pwochen tounwa football rejyon an.
Real Madrid kale FC Barselòn 1 a 0 gras ak yon gòl Brezilyen Julio Baptista make nan 36 zièm minit rankont la. An Itali Inter de Milan kale rival li Milan AC 2 a 1.
Pou yon 4 trièm ane afile klub Chilyen Kolo Kolo ranpòte chanpyona a o Chili apre yo kale Universidad de Conception 3 a 0 yè Dimanch la. Ansyen abit Italyen Pierluigi Collina anba pwoteksyon la polis apre menas li di lap resevwa nan yon seri de kourye.
New England Patriots ranpòte 15 zièm viktwa l apre li dans sou Miami Dolphins 28 a 7. Patriots yo bezwen yon viktwa Dimanch pwochen pou yo gen yon dosye pafè pandan sezon regulye a lè yap rankontre New York Giants. Defèt 35 a 7 Green Bay Pakers subi devan Chikago Bears ranje zafè Dallas Cowboys kap jwe faz final la a domisil. Washington Redskins toujou nan kous la apre viktwa 32 a 21 yo ranpòte devan Minnesota Vikings. Redskins yo bezwen yon viktwa lè yap rankontre ak Dallas Cowboys Dimanch ou byen pou New Orleans Saints ak Minnesota Vikings pèdu pou yo jwen dènye plas ki disponib pou faz final la.
Basketball
Richard Hamilton make 17 pwen nan viktwa 94 a 82 Detroit Pistons ranpòte devan Houston Rockets. Nan New York Kobe Bryant make 39 pwen nan viktwa 95 a 90 Lakers yo ranpòte devan New York Knicks. Kobe Bryant tounen pi jè n jwè nan NBA ki make 20 mil pwen nan karyè l. Wilt Chamberlain ak Michael Jordan te make 20 mil pwen avan yo te gen 30 tan.
Tennis
Jwè tenis Ostralyen Samantha Stosur pap patisipe nan premye tounwa tenis Gran Shelem pou nouvèl ane a nan Melbourne an Ostrali akoz li pa santi l an fòm ase. Manmzèl eksprime regrè l le fè ke lap rate tounwa Open Ostrali a.