Accessibility links

Breaking News

Duèl ant Belijeran Espayòl ak Italyen


Football

La tè pral tranble nan okazyon klasik ant Real Madrid ak FC Barselòn. Real nan tèt klasman jeneral la ak 38 pwen aloske Barselòn gen 4 pwen de reta. Sa fè 155 fwa 2 klub yo ap rankontre ak Real Madrid ranpòte 66 viktwa kont 58 defèt.

An Itali pral yon klasik tou ant chanpyon Eropeyen an Milan AC ak chanpyon lig Italyen an Inter de Milan. 2 klub ki abite nan yon menm vil. Rankont sa a ap dewoule avan chanpyona a pran yon poz 3 semen. Milan AC gen sèlman 18 pwen pou 13 rankont malgre yo sot ranpòte koup du mond klub yo nan Yokohama Japon. Inter de Milan ap domine chanpyon a ak 40 pwen devan AS Wòm ak 33 pwen epi Juventus de Turen an 3 zièm pozisyon ak 32 pwen epi Udineze klase 4 trièm ak 28 pwen.

Olympik de Lyon ap rankontre Manchester United nan 8 tièm de final faz dechoukaj tiraj osò lig dè chanpyon Eropeyen an ki dewoule maten an an Swis.Celtic kont FC Barselòn. Shalke 04 kont FC Porto. Liverpool kont Inter de Milan. AS Wòm kont Real Madrid. Milan AC kont Arsenal. Olympiakos kont Chelsea. Fenerbahce kont Seville.

Tiraj osò faz dechoukaj koup UEFA a dewoule maten an tou kote Galatasaray ap rankontre Bayer Leverkusen. PSV Eindhoven kont kont Helsinborg. Olympik de Marseille kont Spartak de Moskou.

Lig football balonwon ameriken an opere kèk chanjman nan règleman yo pou pèmèt klub yo ajoute yon jwè etranje. Responsab yo limite jwè etranje ki pa rezidan a 112 pami 392 jwè ki fè pati lig la.

Seleksyon football feminen alman an kloture ane a kòm 1 mondyal pou yon 5 kièm ane afile. Etazuni te pase prèske tout ane a kòm numewo 1 Alman an te pran devan apre koup du mond football feminen an ki te dewoule an Chin an Septanb. An plis de Almay ak Etazuni nou jwen la Swèd, Brezil, Norvèj, Kore du Nò, la Frans, Danmak, Kanada ak Angletè.

Ansyen vis chanpyon kous bisiklèt Tour de Frans la Espayòl Joseba Beloki anonse retrèt li. Beloki ki te fini 2 zièm an 2000 dèyè Lance Armstrong, te pami siklis enplike nan eskandal dopaj pandan sezon 2006 la.

Cyclisme

Oganizatè Open Ostrali-a ki gen pou dewoule mwa ka vini la-a, fè konnen yo pral entwodui nouvo mezur anti-korupsyon nan tantativ pou minimize menas pou detèmine a lavans ekip kap genyen ou pèdu

Basketball

Lebron James make 33 pwen pou ede Cleveland Cavaliers ranpòte yon viktwa 94 a 90 devan Los Anjeles Lakers. Kobe Bryant make 21 pwen pandan li rate 2 tir ki te kapab fè diferans nan rankont la . Nan Miami Vince Carter make 31 pwen pou ede New Jersey Nets woule an pwolongasyon Miami Heat 107 a 103. Allen Iverson make 36 pwen ak 9 pas ki make pwen pou ede Denver Nuggets ranpòte yon viktwa an 2 pwolongasyon devan Houston Rockets 113-111.

XS
SM
MD
LG