Accessibility links

Breaking News

Gwo Rande Vous Vandredi nan Nyon an Swis


Football

Milan AC kapab rankontre ak Liverpool pou yon 3 zièm fwa pandan 4 sezon. 2 klub yo figure pami 16 klub Europeyen ki pral patisipe nan faz dechokaj lig football Eropeyen an. Tiraj osò a ki fikse pou demen Vandredi a nan Nyon mete 8 venkè yo fas ak ekip ki fini 2 zièm yo. An plis de Liverpool ak Milan AC nou jwen: FC Porto, Chelsea, Real Madrid, Barselòn, Manchester United, Inter de Milan, Seville, Shalke 04, Olympiakos, Celtic, Lyon, AS Wòm, Fenerbah ak Arsenal. Nan faz dechoukaj la chak klub ap jwe yon match ale/ retou-venkè seri a ap kalifye pou pwochen tou a.

Unyon Football Eropeyen an publiye lis abit ak asistan abit ki pral ofisyalize Koup dEròp dè Nasyon an ane pwochèn. Responsab yo seleksyone 12 abit santral, 24 asistan ak 8 abit pou supèvize 31 rankont yo kap kòmanse 7 Jwen 2008. Abit santral la ak juj de liy yo ap soti nan menm peyi pou fasilite yon meyè komunikasyon e yo dwe aktif nan peyi yo reprezante a. Abit yo ap soti an Otruch, Beljik, Angletè, Almay, la Grès, Itali, la Oland, Norvèj, Slovaki, Espay, Swed ak la Swis. Seleksyone yo gen pou al patisipe nan yon seminè an Swis soti 14 pou rive 17 Avril.

Klub football Alman Bayern de Munick pase klub Grèk Aris yon swif 6 a 0 pou l kalifye nan pwochen tou koup UEFA a. Lòt kalifye yo se Bolton, Braga, Getafe, Anderlecht ak Galatasaray. Jodi a ap gen 6 match kap mete fen nan dènye tou a.

Atletico Nacional ranpòte chanpyona nasyonal premyè divizyon an apre li fè match nul 0 a 0 ak Equidad nan match retou final la. Vil Miami an Florid kapab resevwa yon klub MLS la apre responsab yo deside konstrui yon nouvo stad football. Miami Fusion ( 1996--2001) te kraze akoz klub la te oblije jwe nan Fort Lauderdale- ki te yon long distans pou fanatik ki pat gen machin yo.

Basketball

Detroit Pistons ranpòte yon viktwa de justès 87 a 85 devan Boston Celtics-defèt ki mete fen nan 12 viktwa a domisil pou ekip Boston nan.. Situasyon an pat diferan pou Dallas Marvericks ki kale Phoenix Suns 108 a 105. Memphis Grizzlies supran San Antonio Spurs 88 a 85.Chikago Bulls danse sou Washington Wizards 95 a 84.

Veteran basketball ameriken Alonzo Mourning, ki te deja anonse retrèt li nan NBA a, kapab kraze yon kite sa pi bonè li te prevwa, apre yon ruptu ligaman ki kapab mande l pou l pase 6 mwa an deyo`teren an.

Tennis

Yon magazin tenis deziye pou yon 5 kièm ane Swis Roger Federer kòm meyè jwè tenis maskulen pou ane a. Bèlj Justin Henin resevwa pri kòm meyè jwè tenis feminen.

XS
SM
MD
LG