Accessibility links

Breaking News

2 Footballè Brezilyen Ranpòte Pri FIFA pou Ane a


Football

Footballè Brezilyen Kaka resevwa pri meyè footbalè FIFA pou ane a devan arjanten Lionel Messi ak Portugè Cristiano Ronaldo. Kaka resevwa distenksyon an apre li te fin resevwa pri balon dò Eropeyen pou ane a epi meyè football Mondyal yon magazin spòtif. Bò kote meda m yo Brezilyen Marta resevwa pri meyè footballè pou ane a devan Alman Birgit Prinz ak brezilyen Christiane.

Etazuni ap kòmanse kanpay kalifikasyon koup du mond FIFA/ Afrik du Sud la lè lap jwe an demi final la fas ak Gwatemala avan li ta rankontre Kuba. Avan sa Etazuni dwe kale venkè seri rankont Barbad ou byen la Dominik epi Gwatemala dwe kale venkè seri rankont Sen Vensan ou byen Turk and Caicos. Answit Etazuni dwe rankontre venkè seri rankont Kuba kont Aruba ou byen Antigua e Barbuda. Etazuni kapab jwe faz semi final la 20 Out epi 6 et 7 Septanb.

Meksik yon lòt moso nan KONKAKAF la, ki gen pou jwe swa Beliz ou byen Sen Kitts and Navis nan 2 zièm tou a ap jwe 3 premye match group semi final la a domisil avan li ale nan Jamayik, nan Bahamas ou byen zil Vyèj Britanik yo.

Bosni Herzegovinn revoke tout antrenè etranje seleksyon apre movèz pèfòmans seleksyon nan eliminatwa Ero 2008 la.

Antrenè seleksyon Angle a Fabio Capello pa bay oken garanti lap konvoke ansyen jwè yo nan seleksyon nasyonal la menm David Beckham. Teknisyen italyen an presize , objektif-li se kreye yon mantalite, yon filozofi ak yon gwoup.

Nan Liga-a , chanpyona foutbòl premyè divizyon-an ann Espay , FC Barselòn ki gen pou akeyi numewo 1 nan klasman-an Real Madrid ---wi Barsa pap gen sèvis ti prodij ajanten-an Lyonel Messi nan gwo dèbi sa-a kap gen dewoule nan Nou Camp-la.

Minnesota Viking te fè anpil efò pou l kale Chikago Bears 20 a 13 pou l konsève posibilite pou l kalifye nan faz final la ak 8 viktwa 6 defèt devan Washington Redskins ak New Orleans Saints.

Basketball

Phoenix Suns supran San Antonio Spurs ak yon viktwa 100 a 95 premye defèt Spurs yo subi a domisil depi debu sezon an. Viktwa a mete Phoenix Suns ak yon palmarès 18 viktwa 7 defèt pandan ke Spurs yo gen 18 viktwa 6 defèt. Nan Cleveland Lebron James make 31 pwen pou ede Cavaliers yo ranpòte yon viktwa tou mens 104 a 99 an 2 pwolongasyon devan Milwaukee. Dallas, Atlanta, Golden State, Miami, Indiana ak Portland yo tout ranpòte la viktwa

Tennis

Kapitèn ekip koup Federasyon Ameriken an Zina Garisson ap akeyi Mary Joe Fernandez kòm asistan ekip la pou sezon 2008 la avan li Fernandez pran kontwòl ekip la an 2009. Seleksyon tenis feminen ameriken an gen pou rankontre Almay nan kar de final la soti 2 pou rive 3 fevriye nan Kalifòni.

XS
SM
MD
LG