Football
Pa gen chanjman nan 20 premye seleksyon nan klasman FIFA publiye jodi a. Arjantin toujou nan tèt klasman jeneral la devan Brezil, Itali, Espay ak Almay. Nan KONKAKAF la Meksik klase 15 zièm devan Etazuni ki klase 19 vièm. Nan Karayib la Haiti klase 69 vièm devan Kuba--71 zièm. Trinidad klase 81 nièm epi Jamayik klase 97 tièm. Premye publikasyon pou sezon 2008 la ap parèt le 16 Janvye.
Klub football Alman Hambourg SV siyen yon kontra ak adolesan ameriken Preston Zimmerman kap jwe nan seleksyon Juniò ameriken an.
Nouvo antrenè seleksyon Angle a Italyen Fabio Capello, ki tap bay premye konferans de près li jodi a, pa bay asurans lap konvoke David Beckham nan seleksyon Angle a malgre mitan teren an di li disponib pou l reprezante peyi l pandan kanpay koup du mond 2010 la e menm jwe pandan faz final la si Angle yo kalifye.
Sou kontinan Eropeyen an Footballè Camerounè Samuel Eto’o te fè kèk fanatik FC Barselò n yo kontan apre li make 2 gòl nan viktwa 3 a 0 Barselonè yo ranpòte devan Valans. Real Madrid konsève tèt klasman an apre viktwa 2 a 0 yo ranpòte devan Osasuna
An Angletè Liverpool tonbe devan Manchester United 1 a 0 epi Arsenal kapote Chelsea 1 a 0.
An Itali Lazio de Wòm tonbe devan Juventus de Turen 3 a 2. Inter de Milan toupizi Cagliari 2 a 0.
Prezidan Iranyen an Mahmoud Ahmadinedjad retire kandidatu l kòm kandida pou pòs prezidan Federasyon Football Iranyen an pou debloke enpas ki genyen ant federasyon an ak FIFA.
Prezidan Bolivyen an Evo Morales kritike nouvo desizyon FIFA pran pou l entèdi match football jwe nan altitud ki pa depase 2 mil 750 mèt a mwens ke jwè yo gen tan pou aklimate yo. Stad Bolivyen yo genyen nan La Paz sitye nan yon altitid 3 mil 600 mèt. FIFA te deja pran desizon an men te rale yon bak apre pwotestayson peyi Anden yo.
An Frans 32 zièm de final tiraj osò koup de Frans la dewoule jodi a.
Yon juri ansyen footballè entènasyonal franse seleksyone Frank Ribery kòm meyè football franse pou ane a. Ribery ranplase Thierry Henry kap jwe aktyèlman nan FC Barselòn.
Gen anpil posibilite pou footballè Brezilyen Kaka resevwa pri meyè jwè FIFA pou ane a devan arjanten Lionel Messi ak Pòtugè Cristiano Ronaldo. KAKA deja resevwa balon dò Eropeyen an pou ane a ak pri meyè jwè mondyal yon magazin spòtif. Si pwonostik yo konfime KAKA kapab fè 3 kabès sou meyè pri football pou ane a.
La Swèd ap pare pou l rankontre Brezil 26 Mas kap vini la a pou selebre 50 tièm anivèsè final koup du mond 2 peyi yo te jwe. Nan okazyon sa a Pele, ki te gen 17 tan nan epòk la, te make 2 gòl nan viktwa 5 a 2 Brezil te ranpòte an 1958 an Swèd.
Footballè brezilyen Kaka make yon gòl epi fè yon pas ki make gòl nan viktwa 4 a 2 Milan AC ranpòte devan Boca Juniò nan final koup du mond klub yo ki tap dewoule nan Yokahama o Japon. Klub Japonè Urawa Red konsole l ak 3 zièm plas la gras ak yon viktwa sou penalite li ranpòte devan klub Tunizyen Etwal de Sahel 4 a 2.
Tennis
Federasyon Tenis Entènasyonal la anonse swis Roger Federer ak Bèlj Justin Henin kòm meyè jwè tenis maskulen ak feminen pou ane a. Federer ki tounen 2 zièm jwè tenis ki resevwa onè a pandan 4 tran afile, rive nan 4 final tounwa tenis Gran Shelem pou ane. Msye ranpòte 3 nan tounwa yo ak tounwa tenis dè mèt ki jwe pandan fen sezon an. Henin ranpòte 2 tit Gran Shelem ak tounwa tenis dè Mèt ki jwe nan fen ane a.
Basketball
Boston Celtics danse sou Toronto Raptors 90 a 77 gras ak Paul Pierce ki make 18 pwen epi Kevin Garnett ajoute 16 pwen pou ede Celtics yo ranpòte 9 vièm viktwa afile yo. Detroit Pistons pilon-nen Golden State Warriors 109 a 87. Portland Trail Blazers ak Los Anjeles Lakers yo tout ranpòte la viktwa.
Football Ameriken
Washington Redskins kale New York Giants 22 a 10. Viktwa ki pèmèt Redskins yo konsève chans pou yo kalifye nan faz final la. Miami Dolphins te bezwen pwolongason pou ranpòte premye viktwa depi sezon an kòmanse apre yo kale Baltimore Ravens 22 a 16. New England Patriots ranpòte 14 viktwa l kont 0 defèt apre yo kale New York Jets 20 a 10. Philadelphia Eagles suprann Dallas Cowboys ak yon viktwa 10 a 6. Green Bay Pakers woule Saint Louis Rams 33 a 14. Aswè a Minnesota Vikings ap akeyi Chikago Bears.
Natasyon
Najè Kwat Marko Strahja suspann pwovizwaman apre li teste pou dopaj mwa pase a. Federasyon Natasyon Entènasyonal. Suspansyon an kòmanse depi 12 Desanm. Federasyon an gen pou l fè deba sou kesyon an nan yon dat ki poko deside.