Accessibility links

Breaking News

Jose Murinho Pa Entere Antrene Seleksyon Angle a


Football

Ansyen antrenè Chelsea Jose Mourhino retire nonn sou lis kandida pou pòs antrenè seleksyon Angle a apre rankont li te finn genyen ak dirijan yo.

Footballè Brezilyen Ronaldo antrene jodi a ak Milan AC nan kad preparatif pou match demi final koup du mond Club yo fas a klub japonè Urawa Reds. Match la fikse pou Jedi nan Yokahama o Japon. Demen Mèkredi a klub Tunizyen Etwal de Sahel ap rankontre klub Arjanten Boca Junior nan premye semi final la.

Balon pral woule jodi a sou kontinan Eropeyen an ak posibilite pou gen sezisman. Liverpool ak Real Madrid ki ranpòte yon total 13 antre yo kapab kanpe nan wout si yo pa bay bon randman sou teren an. Liverpool bezwen yon viktwa lè lap rankontre Marseille aloske Real Madrid bezwen yon nul lè lap akeyi Lazio de Wòm nan Stad Santiago Bernabeu a nan group C a. Nan Group B a Chelsea, ki deja kalifye ap akeyi Valencia ki dwe konsève chans pou l kalifye pou koup UEFA a si l fini 3 zièm

4 klub pral batay dèyè 2 lòt plas ki disponib pou pwochen tou Lig dè Chanpyon Eropeyen an. Glasgow Rangers, Lyon, Fenerbahce, PSV Eindhoven espere jwen youn pami 2 plas yo. Nan group E a FC Barselòn, ki deja kalifye-situasyon ki mete Lyon ak Glasgow Rangers nan yon batay dèyè 2 zièm plas la lè 2 klub yo ap rankontre Lyon bezwen yon viktwa lakay Glasgow si l vle kalifye. PSV Eindhovein bezwen yon bon rezulta lè lap vizite Inter de Milan olye pou Fenerbahce lè lap rankontre CSKA de Moskou.

Nan peyi Lafrans sekretè deta o spò-a Bernard Laporte anonse nan yon entèvyou li bay jodi madi-a entansyon Lafrans poul poze kandidatu l pou òganize faz final Koup dewöp dè Nasyon-an an 2016-la. Selon nouvèl-yo gouvènman Sarkozy-a dispoze soutni kandidatu sa-a . Mesye Laporte te tou pwofite fè konnen ke gen 3 vil fransèz ki ta dispoze akeyi jeu zolempik divèr 2018-yo. Vil sa-ayo se Annecy, Gap ak Grenoble.

Atletisme

Tailandè Wassana Winatho ranpòte 3 zièm meday dò l nan Je Azi du Sudès yo kap dewoule nan Tailand. Nan tablo meday yo Tailand, òganizatè konpetisyon an ranpòte yon total 254 meday pami yo 97 an ò devan Vyetnam ki gen yon total 129 meday pami yo 46 an ò epi Sengapour ranmase 37 meday dò pou yon total 96 meday.

Basketball

Alman Dirk Nowitzki make 36 pwen pou ede Dallas Marvericks ranpòte yon viktwa 99 a 89 devan New York Knicks. Dwayne Wade make 31 pwen nan viktwa tou mens Miami Heat ranpòte devan Phoenix Suns 117 a 113. Philadelphia 76ers woule Houston Rockets 100 a 88 san bliye efò Atlanta Hawks te fè pou l kale Orlando Majik 98 a 87. Sakramento Kings te fè anpil efò avan li kale Milwaukee Bucks 96 a 93.

Sant Spòtif Madison Square Garden ak antrenè New York Knicks la Isiah Thomas jwen yon antant 11 milyon 500 mil dola nan kad pwosè pou harsèlman seksuèl yon ansyen anplwaye tap fè kont antrenè a ak tout òganizasyon an. Antant la mete fen nan tout aksyon an justis ki madanm nan ta kapab antreprann kont antrenè Isiah Thomas ak antrepriz Madison Square Garden syèj sosyal New York Knicks.

Yon tribunal nan Indiana akite basketè Ron Artest 2 plent ki te depoze kont li apre boukantay kout pwen pandan yon rankont basketball an Novanm 2004 ant Indiana Pacers ak Detroit Pistons. Ron Artest ap jwe aktyèlman nan Sakramento Kings.

XS
SM
MD
LG