Accessibility links

Breaking News

Yon Tounwa Tenis Juvenil ak Dewoule an Ayiti-1


Tennis

Ayiti / Tennis Yon chanpyona tenis juvenil ap dewoule pandan weekend an Ayiti ak 4 meyè jwè tenis feminen ayisyen ak Dominiken.

Football

Unyon Sportif Frèr ak Eklèr dè Gonayiv kalifye pou semi final la 2 zièm divizyon chanpyona nasonal la apre viktwa yo ranpòte devan ASPDIF dAken 3 a1 ak Dinamit de Sen Mak sou tir de penalite. Venkè yo ap tann rezilta kar de final kap dewoule jodi a ant Valencia de Leogan ak ASPG ak lòt rankont ant FICA ak JSC.

Responsab football yo anonse ranvwa pou Lendi faz final Super 8 la ant Viktory ak Cavaly de Leogane nan Pòtoprens. Demen Samdi a Zenith Kapayisyen ap rankontre Baltimore de Sen Mak nan vil Kapayisyen.

Dimanch nan Sen Mak Tampèt ap rankontre Asosyasyon Spòtif de Karfour epi Asosyasyon Spòtif Kapwa ap rankontre Don Bosco de Petion ville nan Stad Sylvio Cator. Kar de final retou a fikse pou 12 Desanm. 2 finalis yo ap monte nan premyè divizyon sezon pwochen an ak yon total 14 klub.

An Eròp Tottenham, Bordo, Bayer Leverkussen , Spartak de Moskou ak FC Zurik kalifye pou pwochen tou tounwa football Unyon Eropeyen an. Tottenham kalifye malgre match nul 1 a 1 li fè ak Anderleck. Bordo kale klub Swedwa Helsinborg 2 a 1-Helsingborg te deja kalifye. Gen 12 klub ki jwen kalifikasyon yo sou yon total 24 plas an plis de 8 klub ki klase 3 zièm nan Lig dè chanpyon Eropeyen an.

Isit Ozetazuni Washington Redskins konsève espwa l pou l kalifye nan faz final chanpyona football zèpòl kare pa repechaj gras ak yon swif 24 a 16 yo ranpòte devan Chikago Bears yè swa tou pre kapital federal ameriken an. Viktwa a mete Washington ak 6 viktwa 7 defèt pandan ke Bears yo gen 5 viktwa 8 defèt.

Atletis

Nan jeu sudès azyatik-yo kap dewoule nan peyi Tayland ...eneb se Tayland ankò kap domine . Li ranpòte 6 nan 9 meday dò . Li genyen o total 33 meday. An 2e pozisyon nou jwenn Vyetnam ki ranpòte 14 meday. Sengapour an 3e avèk 11 meday. Genyen 11 nasyon kap patisipe nan konpetisyon sa-a pou 475 meday nan plis pase 40 disiplinn pandan 10 jou.

Basketball

Nan NBA-a , Allen Iverson make 35 pwen pou ede Denver Nuggets ranpòte yon viktwa 122 a 109 devan Dallas Mavericks. Nan Atlanta Joe Johnson make yon 2 pwen dènye sekond pou pèmèt Atlanta Hawks ranpòte yon viktwa de justès 90 a 89. Miami Heat tonbe devan Portland Trail Blazers 112 a 106.

XS
SM
MD
LG