Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Chèf Polis Nasyonal la Fè Depozisyon Devan yon Komisyon Palman an Sou Fenomèn Ensekirite a


Ann Ayiti, chèf Polis Nasyonal la (PNH), Mario Andrésol, te konparèt jedi 6 desanm nan, devan yon komisyon nan palman an pou l te bay opinyon n sou fenomèn ensekirite a ki kòmanse reparèt nan peyi a, sitou nan kapital la, Pòtoprens. Daprè korespondan nou Rotchild François Jr., misye Andrésol panse sitiyasyon an pa rive nan nivo grav li te atenn sa pa gen lontan.

Yon lòt kote, nan Leyogàn, avoka k ap defann kèk patizan rejim Lavalas la --ki anba akizasyon deske yo te komèt krim politik sou ansyen gouvènman an-- fè konnen yo rejte desizyon yon majistra pran pou l jije kliyan yo nan yon tribinal kriminèl. Montigène Sincère gen detay nouvèl sa a depi vil Ti Gwav.

Anfen, nan vil Sen Mak, lapolis fè yon desant-de-lye, jedi 6 desanm nan, nan lokal Radio Dynamique FM, kote ajan de lòd yo t ap chache arete yon gwoup motosiklis ki te ale nan estasyon an pou yo denonse sa yo konsidere kòm "abi" lapolis komèt sou yo. Jean Robert Philippe fè yon entèvyou avèk direktè radyo a, Marc Antoine Jacques.

Klike sou lyen anlè a pou w koute devlopman nouvèl sa yo.

XS
SM
MD
LG