Accessibility links

Breaking News

Vis Prezidan Sena Ayisyen an Mande Minustah Retire Yon Konsultan Kap Travay ak Palman an


Senatè Edmonde Suppice Beauzile, vis-prezidant Sena Repiblik la nan peyi Dayiti, vekse devan deklarasyon yon pèsonèl Misyon Nasyonzini pou stabilize Ayiti (Minustah) kap travay kòm konsultan ak palman ayisyen an. Madan Supplice Beauzile estime pawòl konsultan sa a se yon manke dega pou palman ayisyen an men sitou yon mank respè pou Ayiti. Dapre senatè a, konsultan an ta deklare "pèp la pa satisfè ak travay lejislatè yo... e se pou'l aprann yo disiplinn ke'l atache nan Chanm nan".

Pou'n konnen reyaksyon Minustah sou dosye sa-a tcheke ralonj ki sou tèt atik sa a.

Yon lòt kote, Montigène Sincère enfòme depi vil Tigouave abitan nan zòn Leogane denonse move kondisyon lavi yo e yo menase pou yo koupe wout ki mennen nan kapital la, Pòtoprens, amwenske responsab yo pran mezu pou chanje situasyon yo.

Epi pou n' fini, komisyon justis ak sekurite chanm depite a te fè yon vire won nan metwopòl Sudwès-la. Jean-Ernest Eliscar di kowupsyon an entegrite systèm justis la se sa ki te mennen gwoup la nan vil Okay ak nan Coteaux.

NB. Nou ka tande 2 dènye pwen sa yo sou menm ralonj ki sou tèt atik la.

XS
SM
MD
LG