Accessibility links

Breaking News

Yon Brezilyen ap Pran Tèt Seleksyon Jamayik la


Football

Antrenè dorijin Brezilyen Rene Simoes ap retounen nan tèt seleksyon Jamayik la apre li te demisyone an Fevriye 2000. Simoes, kap kòmanse antrene seleksyon an 5 Janvye, te ede Jamayik kalifye pou faz final koup du mond 1998 la an Frans. Simoes ap ranplase Sèb Bora Milutinovic ki revoke mwa pase a, akoz li pa respekte kontra l.

Lig football balonwon ameriken an ap louvri sezon 2008 la ak yon duèl lè New England Revolution ap akeyi chanpyon an tit la Houston Dinamo 29 Mas--2 ekip yo te rankontre nan final sezon 2007 la. Tout 14 klub yo ap louvri sezon an nan menm jounen 29 Mas la.

Balon te woule sou kontinan Eropeyen an nan kad match lig dè chanpyon Eropeyen an. Italyen Filipo Inzaghi tounen premye butè Eropeyen an apre gòl li make pou pèmèt Milan AC ranpòte yon viktwa 1 a 0 devan Celtic Glasgow. Inzaghi make 63 zièm gòl li sou kontinan an pou l pase devan alman Gerd Mueller ansyen vedèt Bayern de Munich. Celtic Glasgow kalfiey pou 2 zièm tou a malgre defèt la. Benfica de Lisbòn kale klub Ukrenyen Shakhtar Donesk 2 a 1 pou l fini 3 zièm ak 7 pwen. Benfika kalifye pou l patisipe nan koup UEFA a. Match sa yo jwe yon semen alavans pou pèmèt Milan AC patisipe nan koup du mond Club yo o Japon.

Veteran football Brezilyen Romario rekonèt li te konsome yon substans ki entèdi nan spò an Oktòb. Romario di li te utilize pwodui a ki rele Finasteride pou te anpeche l pèdu twòp cheve donk pou l pa vinn chòv. Romario, ki di li poko ap mete fen nan karyè l, fè konnen lap tann yon odisyon tribunal spòtif brezilyen an gen pou fè sou kesyon an.

Antrenè seleksyon Olandè a Marco Van Basten anonse lap demisyone nan tèt seleksyon an apre faz final Ero 2008 la. La Oland nan menm group ak la Frans, Itali ak Woumani.

Basektball

Phoenix Suns te fè anpil efò avan li kale Indiana Pacers 121 a 117 gras ak 42 pwen Amare Stoudamire make nan yon rankont gason pa kanpe.. Los Anjeles Lakers danse sou Minnesota Timberwolves 116 a 95. Kobe Byrant make 20 pwen malgre msye te gripe. New Jersey Nets dodomeya sou Cleveland Cavaliers 100 a 79. Detroit Pistons, Sakramento Kings ak Milwaukee Bucks yo tout ranpòte la vikwa nan rankon ki jwe yè Madi a.

Je Zolenpik

Yon nouvo rapò ki publiye fè konnen gouvènman chinwa a kontinye ap deloje moun pou l jwen plis espas nan kad preparatif pou akeyi Je Zolenpik Peken 2008 yo. Dapre rapò a yon òganizasyon publiye anviwon 1 milyon 500 mil moun ap pèdu rezidans yo avan dewoulman je yo.. Gouvènman an di group la mete pase genyen nan chif la.

XS
SM
MD
LG