Accessibility links

Breaking News

Iran Kapab Tonbe Anba Sanksyon FIFA


fOOTBALL

Federasyon Football Iranyen an kapab ranvwaye eleksyon li ta pral fè semen sa a pou yon nouvo prezidan apre FIFA refuze rekonèt eleksyon an. FIFA derefuze rekonèt nouvo statu federasyon an.

Lig chanpyon ewopeyen-an ap an aksyon nan yon ti moman la-a e moman-yo desizif : Par egzanmp , Celtic Glasgow ki 2e nan gwoup D-a pral dèyè yon grenn pwen jodi-a nan San Siro kont Milan AC, lidè gwoup-la. Chaktyòr Donesk ap jwe kont Benfika pou lòt match gwoup-la. Gen 8 klub ki deja kalifye pou 8e de final-yo : Chelsea, Milan AC , FC Barcelone, Manchester United, AS Rom, l'Inter Milan, le FC Séville et Arsenal. Lòt gwoup-yo ap jwe semèn pwochèn. Match gwoup D-yo jwe jodi-a akoz Milan AC kap patisipe nan chanpyona Mondyal klub-yo kap dewoule soti 7 pou rive 16 desanm o japon.

Yon lòt kote, plis pase mwatye nan fanatik-yo nan peyi La Oland reklame demisyon Marco Van Basten nan tèt seleksyon Olandèz la paske daprè 60 pousan nan fananatik-yo La Oland pap pase premye tou Euro 2008-la . La Oland twouve-l nan gwoup de la mort-la avèk Frans, Itali ak Woumani.

Yè lendi-a nan kad 15e jounen chanpyona premyè divizyon-an , Manchester United kale Fulham 2-0 pou-l konsolide plas numewo 2-l nan klasman-an dèyè Arsenal e devan Tchelsi ak Liverpool. Toujou ann Angletèr : La polis nan vil Lond ap chache yon fanatik ki flashe yon limyè nan zyeu foubolè Ivwaryen Didier Drogba nan okazyon viktwa 1 a 0 Chelsea ranpòte devan West Ham Samdi. Polisye ap regade videyo match-la pou kapab idantifye suspèk la.

Basketball

Portland Trail Blazers ranpòte yon viktwa de justès devan Memphis kèk sekond avan tan reglemantè a 106 a 105. Nan lòt rankont Orlando Majik kale Golden State Warriors 123 a 117 an pwolongasyon. Atlanta Hawks tonbe devan Philadelphia 76ers 88 a 79. Toronto Raptors woule Charlotte Bobcats 98 a 79. Dallas Marvericks redi avan-l kale Chikago Bulls 103 a 98 san bliye viktwa Utah Jazz sou Miami Heat 110 a 101.

Basketè Kanadyen Steve Nash kap jwe nan Phoenix Suns fè konnen li pwobable pou-l jwe pou Kanada pandan je zolenpik Peken yo pandan lap jwe nan NBA a. Kanada gen pou patisipe nan yon tounwa repechaj an Juyè pwochen.

XS
SM
MD
LG