Accessibility links

Breaking News

Referendum Nan Venezuela: Chavez Pwomèt L'ap Aksepte Rezilta a


Nan Venezuela, biwo vòt yo fèmen e responsab yo ap analize bilten popilasyon an sot depoze nan referendum istorik dimanch 2 desanm 2007 la. Elektè yo t'ap bay dizon yo, pou ou kont pwojè Prezidan Hugo Chavez Frias pou chanje manman lwa peyi a.

Anvwaye spesyal Lavwadlamerik nan Caracas Brian Wagner di nou depi byen bonè moun te aliyen devan biwod vot yo, prensipalman nan kapital la Caracas. Andres Canu se yon pwofesè kap aprann moun pale Italyen. Li te tann katrèdtan anvan l’te resi depoze bilten ni. Canu di li tap "prefere wè plis sivil anchaj biwo vòt yo men li te sezi wè yon pakèt militè."

Miriam Bedoya gen yon antrepriz nan Caracas. Manmzèl di li t'ap pi bon si responsab yo te separe 69 pwopozisyon yo an divès gwoup, konsa li ta chwazi sa l’prefere e rejte sa l’pa renmen. Li di "ak 2 kategori sèlman, se difisil pou yon moun deside."

Responsab elektoral yo te divize pwopozisyon yo an 2 blòk e chak moun te gen pou yo vote wi ou non sou chak blòk. Youn nan 2 blòk yo gen atik ki bay prezidan an dwa pou li repoze kandidati li san limit. An menmtan, li desann laj pou moun vote a nan 16 zan, e li kreye nouvo fòm pwopriyete kominotè. Nan lòt blòk la, nou jwenn pa egzanp nouvo regleman pou konbat diskriminasyon, ogmante pouvwa gouvènman an lè gen etadijans, e redui kondisyon ki nesesè pou akize e revoke jij Lakou Kasasyon.

Anpil kritik di ak referendum sa a Prezidan Hugo Chavez ap chache rete nèt ale sou pouvwa a e tabli yon rejim sosyalis tankou pa Fidel Castro a nan Kiba.

Ekspè nan sondaj yo pat ka predi ki kan ki pral genyen paske piblik la divize prèske ren-pou-ren sou pwojè refòm konstitisyonèl la.

Pou w tande repòtaj sa a, fè klik sou ralonj ki anlè tèt atik sa a.

XS
SM
MD
LG