Accessibility links

Breaking News

FIFA Redui a 3 Lis Meyè Footballè pou Ane a


Football

FIFA publiye yon lis 3 jwè...e se nan lis sa-a yo pral chwazi “ lefoutballeur de l’année” . 3 jwè sa-yo se : brezilyen Kaka kap jwe nan Milan AC ; arjanten Lionnel Messi kap jwe nan FC Barselòn ann Espay e pòtugè Cristiano Ronaldo kap jwe nan Manchester United. FIFA ap chwazi meyè jwè-a le 17 desanm nan Zurick . Meyè jwè ane pase-a se te italyen Fabio Canavarro. Gen kèk obsèvatè ki regrèt absans Ronaldinyo ak Tierri Henri nan lis 3 sa-a .

Otorite FIFA yo fè konnen football arjanten Juan Roman Riquelme pa kalifye pou jwe nan Boca Juniò nan okazyon chanpyona du mond klub yo ki gen pou dewoule o Japon a kap kòmanse 7 pou rive 7 Desanm. Riquelme ki tap jwe nan club espayòl Villarreal, te espere jwe pou Boca Junior men delè a pase depi 23 Novanm aloske se yè Jedi a transfè a konplete.

Òganizatè Ero 2008 yo jwen yon antant ak otorite Swis yo pou jwè kap patisipe nan tounwa a peye taks sou salè yap resevwa nan tounwa a kap jwe an tandèm ant la Swis ak Otrich. Jwè yo ap peye taks baze sou to otorite nan Kanton Swis fiske. Nap raple se jwè ki jwe sou teritwa Swis la mezu a afekte.

Olandè Dick Advocaat eksprime regrè le fè ke li abandone nan dènye minit kontra li ta pral siyen pou l antrene seleksyon Ostrali a e ki pa gen yon antrenè depi 2 mwa. Advocaat pwolonje kontra li te gen klub Rus Zenit de St Pittersburg ki ofri 4 milyon dola ogmantasyon. Ostrali, kap chache yon nouvo antrenè, figure nan menm group ak la Chin, Ostrali, Katar, Irak nan kalifikasyon koup du mond football kap demare an Fevriye.

Otorite football Ostralyen yo mande FIFA pou l pran sanksyon kont Advocaat. A pati de 2009 final lig dè chanpyon Eropeyen ap dewoule yon Samdi olye de Mèkredi dapre anons ki fèt nan vil Lucerne an Swis jodi a. Vil Moskou ap akeyi final la 21 Me 2008.

Administrasyon klub football ameriken New York Red Bulls redesine nouvo stad la pou l sanble menm jan ak pifò stad Eropeyen. An plis de tribun espesyal responsab ogmante kapasite stad la de 20 pou fè l pase a plis pase 25 mil. Konstruksyon stad la kapab koute plis pase 140 milyon dola e li kapab pare an 2009 swa yon lane an reta.

Balon te woule sou kontinan Eropeyen an nan okazyon chanpyona Unyon Football Eropeyen an. Tottenham te fè anpil efò avan li kale klub Danwa Aalborg 3 a 2. Otrich de Vyèn tonbe devan klub Swedwa Helsingborg 3 a 0.

Dallas Cowboys te pare yon po kann ak tout foumi pou Green Bay Pakers ke li tronse 37 a 27. Dallas gen yon palmarès 11 viktwa ak 1 defèt pandan ke Pakers yo gen yon palmarès 10 viktwa 2 defèt. Se rezulta match football zèpòl kare ameriken an.

Basketball

Boston Celtics demoli New York Knicks 104 a 59 -3 zièm pi move defèt Knicks yo subi nan istwa ekip la. Kobe Bryant make 24 pwen nan viktwa 127 a 99 Los Anjeles Lakers ranpòte devan Denver Nuggets epi Golden State Warriors woule Houston Rockets 113 a 94.

Tennis

La Rusi suprann Etazuni nan okazyon final tiraj osò kap dewoule nan Portland Oregon apre yo lese tonbe Nikolay Davidenko nan match senp yo. Davidenko pral jwe match doub la de preferans ak Igor Andreev. Kapitèn seleksyon koup Davis Swis la Shamil Tarpischev seleksyone Dmitry Tursunov ak Mikchail Youzhny pou jwe match senp la. Jodi a Tursunov ap rankontre Andy Roddick avan James Blake rankontre ak Youzny. Match doub la fikse pou demen Samdi a epi Dimanch match senp ranvèse yo ap dewoule.

Volleyball

Bulgari mete fen nan 8 viktwa la Rusi sot ranpòte nan koup du mond Volebòl maskulen an kap dewoule O Japon. Bulgar yo ranpòte yon viktwa 3 a 2 pou lese rus yo ak yon palmarès 8 viktwa 1 defèt. Etazuni gen yon palmarès 7 viktwa 2 defèt kale Japon 3 a 0. Ameriken yo pataje 3 zièm plas la ak Bulgari nan tounwa 12 nasyon an. 3 premye yo ap kalifye pou Je zolenpik Peken 2008 yo. Brezil gen yon palmarès 8 viktwa 1 defèt kale Arjantin 3 a 0. CN

Olenpik

Komite òganizatè je zolenpik Peken 2008 yo ranplase responsab depatman vant tikè a apre yon gwo echèk yo subi nan systèm rezèvasyon la vant sou entènèt la. Otorite yo fè konnen yap pèmèt yon sèl moun achte 10 tikè olye de 50 pou pèmèt plis kliyan gen chans achete.

XS
SM
MD
LG