Accessibility links

Breaking News

Konferans Entènasyonal sou MwayennOryan an Tanmen Jodi a


Prèske 50 peyi ak òganizasyon entènasyonal rasanble nan vil Annapolis, pa lwen Washington, DC jodi a pou yon gwo konferans sou posiblite pou lapè tabli ant Izrayèl ak vwazen arab li yo, prensipalman Palestinyen yo.

Prezidan Bush, ki te rankontre yè nan Mezon Blanch ak lidè palestinyen an, Mahmoud Abbas, e Premye Minis izrayelyen an, Ehud Olmert, eksprime anpil espwa pou konferans Annapolis la. Dapre responsab yo nan Washington, objektif la se kreye yon espas serye pou negosyasyon tanmen ant 2 pati yo sou siyati yon akò lapè definitif. Sa va posib sèlman si kèk kesyon-kle rezoud, tankou sa yo pral fè ak vil Jerizalèm, ak pakèt Palestinyen ki refijye aletranje yo, sila yo ki nan prizon ann Izrayèl, kreyasyon yon eta palestinyen endepandan, epi sekirite pou Izrayèl.

Nan repòtaj sa a, ou kapab tande deklarasyon lidè ameriken an ak reyaksyon Prezidan Abbas ak Premye Minis Olmert. Nèk fè klik sou ralonj ki anlè foto a.

XS
SM
MD
LG