Accessibility links

Breaking News

MINUSTAH Anonse Kreyasyon yon Branch Lapolis Anvan Lontan pou Siveye Kòt Dayiti e Konbat Aktivite Kriminèl


Chèf sivil Misyon Nasyon Zini an ann Ayiti (MINUSTAH) fè konnen anvan lontan misyon an pral travay ansanm ak Polis Nasyonal la sou kreyasyon yon branch sekirite pou siveye kòt peyi a e konbat aktivite kriminèl, tankou kontrebann ak trafi dwòg.

Yon lòt kote, reyaksyon kontinye tonbe nan Pòtoprens sou desizyon otorite Repiblik Dominikèn yo pran peyi panyòl sispann ekspòte kèk pwodui ann Ayiti. Minis finans ak afè ekonomik la, Daniel Dorsainvil, pale de dispozisyon gouvènman ayisyen an ap pran pou l limite konsekans desizyon sa a kapab genyen sou mache nasyonal la.

Anfen, o Kanada 2 majistra nan Pwovens Kebèk la se desandan ayisyen. Fred Williams ap prezante nou pwofil Ulrick Chérubin, mè vil Amos, avèk Michel Adrien, majistra vil Mont Laurier.

Klike sou lyen anlè a pou w koute repòtaj jounalis/ korespondan nou yo.

XS
SM
MD
LG