Accessibility links

Breaking News

Pwochen Final MLS la ap Dewoule nan Kalifòni


Football

Lig football balonwon ameriken an fè konnen final 2008 la pral dewoule nan Home Depot Center nan Los Anjeles Califòni pou yon 3 zièm fwa nan 6 zan. Responsab yo fikse 23 Novamb 2008 pou final pwochèn sezon MLS-la.

Yon responsab Sud Afriken fè konnen preparatif pou koup du mond la deja ogmante de 20 pou 100. Minis Finans peyi a deklare jodi a pri orijinal 2 milyon 600 mil dola kapab ogmante juska 500 milyon dola. Minis la di gouvènman an ap ankete sou ogmantasyon pri konstruksyon enstalasyon yo pou detèmine konbyen koup du mond la ap koute peyi a. Malgre tou responsab la fè konnen konstruksyon, reparasyon stad yo ak lòt enfranstruktu ap pare alhè.

Responsab football Irakyen-yo fè konnen 3 footballè ak yon asistan antrenè ap chache azil politik an Ostrali. Responsab yo di absans msye pap afekte seleksyon an ki sot’ pèdu 2 a 0 devan Ostrali.

Nan match amikal entènasyonal: Afrik du Sud ap akeyi Kanada jodi a, 3 jou apre Sud-Afriken-yo te subi yon defèt devan Etazuni.

Sou kontinan Eropeyen an latè pral tranble nan nan kad dènye jounen eliminatwa Ero 2008 la. 9 peyi pral batay dèyè 4 dènye plas ki disponib pou faz final la. Angletè, Potugal, la Swèd ak Turki figure pami favori yo. Portugal bezwen yon pwen sèlman lè lap rankontre Findland adomisil si l vle kalifye nan group A a. Findland kapab kalifye si l kale Portugal ak posibilite pou Sèbi ta pèdu 2 pwochen rankont li yo. Si Potugal ta pèdu--Sèbi kapab kalifye si l ranpòte 2 pwochen rankont yo. Angletè, kap akeyi Kwasi nan stad Wemble a, bezwen yon match nul. Si yo pèdu la Rusi dwe kale Andor pou l kalifye. La Swèd bezwen yon nul a domisil kont Letoni pou l kalifye nan group F la-menm ak yon defèt yo ta kapab kalifye si Irland du Nò kale Espay ki deja gen tikè l. Turk yo dwe kale Bosni Herzegovin pou fini devan devan Norvèj kap rankontre Malt. Sepandan peyi kap kalifye ap priye pou tiraj osò a evite yo tonbe nan yon group de lamò.

Nan Amerik du Sud la antrenè Brezilyen Dunga di li pa gen oken kè sote pou akèy li ta resevwa lè seleksyon an ap akeyi Urugwe demen Mèkredi a nan Sao Paolo. Brezil pral jwe rankont la ak 5 pwen pou 3 match. Urugwe sot fè match nul 2 a 2 ak Chili Samdi pase aloske brezilyen te fè match nul 1 a 1 fas ak Pewou.

Match kont la povrete an favè yon ajans nasyonzuni, ekip Ronaldo a fè match nul 2 a 2 ak ekip Zenedine Zidane nan. Ronaldo ak Zidane se 2 anbasadè bòn Volonte Nasyonzuni.

Denver Broncos tronse Tennessee Titans 34 a 20 nan kad match football zèpòl kare ki jwe chak Lendi swa-a.

Atletisme

Kourè ameriken Tyson Gay ak Allyson Felix resevwa pri Jesse Owens kòm pibon pami pibon atlèt pou ane 2007 la. Gay ranpòte kous 100 ak 200 mèt maskulen an nan chanpyona atletis mondyal ki sot dewoule o Japon. Msye te manb ekip atletis ki te ranpòte kous relè 400 mèt la. Allyson te ranpòte kous 200 mèt feminen an epi manb ekip relè ki te ranpòte meday dò nan kous 400 mèt relè feminen an.

Boks

Chanpyon Federasyon Boks Entènasyonal la Ukrenyen Wladimir Klitschko ak chanpyon an tit òganizasyon Mondyal Boks la Rus Sultan Ibragimov gen pou mare batay ane pwochè n pou unifye 2 pami 4 tit chanpyon pwa lou mondyal. Rankont la fikse pou 23 Fevriye nan Madison Square Garden nan New York.. Klitschko ki gen yon palmarès 49 viktwa ak 3 defèt pami yo 44 K-O teknik konsidere kòm youn pami pibon boksè pwa lou. Ibrahimov gen yon palmarès 22 viktwa ak 1 nul pami 17 KO.

Tennis

Numewo 1 tenis mondyal la Swis Roger Federer kale ameriken Pete Sampras 6-4, 6-3 nan kad yon match chofe jarè ki jwe nan Kore du Sud. 2 belijeran nan tenis ap rankontre Jedi nan Kuala Lumpur avan yo jwe yon dènye rankont nan Macau Samdi. Ameriken Pete Sampras pran retrèt li depi 2002 yon lane apre li te pèdu devan Federer nan premye rankont yo.

2 tenis mondyal la espayòl Rafael Nadal kale franse Richard Gasquet nan kad yon amikal entènasyonal pou make 50 tièm anivèsè endepandans Malezi nan men la Grand Bretay. 5 mil fanatik asiste Nadal ki remonte yon defisi pou l kale Gasquet 3-6, 6-2, 6-3.

Basketball

Dwight Howard make 24 pwen epi Rashad Lewis make 19 pwen nan viktwa 95 a 88 Orlando magic ranpote yè swa nan NBA-a sou New Orleans Hornets. Charlotte Bobcats suprann Portland Trail Blazers 101 a 92, pandan Memphis Grizzlies woule Seattle Supersonics 125 a 108. Utah Jazz danse sou New Jersey Nets 102 a 75.

XS
SM
MD
LG