Operasyon kidnapping rekomanse nan kapital ayisyen an, Potoprens. Semèn pase a kidnapè fè dap-piyan sou 2 anplwaye bank prive, yon fonksyonè konpayi telecominikasyon nasyonal la, Teleco, yon ti bebe ak plizyè elèv lekòl.
Polis nasyonal la (PNH) ak Polis Nasyon zini (UN POL) kap asire sekirite atravè peyi a, fè konnen ogmantasyon ensekirite a gen pou wè ak fen dane a kap vanse e ak kontèks pre elektoral la.
Ale sou ralonj ki anlè atik la pou repòtaj Jean Pierre Leroy prepare sou tèm sa a.