Accessibility links

Breaking News

Houston Dinamo Ranpòte Tit MLS la-2 fwa Afile


Football

Houston Dinamo ranpòte chanpyona nasyonal football balonwon ameriken an pou yon 2 zièm fwa afile gras ak yon viktwa 2 a 1 li ranpòte devan New England Revolution. Taylor Twellman te louvri skò a an favè ekip Boston nan nan premye mitan an avan Zimbabweyen Joseph Ngwenya te egalize epi Kanadyen Dwayne de Rosario te make gòl viktwa a pou ekip Tgzas-la.Derosario refuze konpare gòl viktwa li te make an favè San Jose Earthquake an 2001. "An 2001 se te yon situayson espesyal men kounye a li pi enpòtan le fèt ke Houston tounen 2 zièm klub ki ranpòte chanpyona-a 2 zan afile( DC United te fè-l an 1996 e 1997)-Mwen kwè nou pap bliye moman sa-a." konklu footballè ki resevwa pri meyè jwè rankont la.

2 klub yo te rankontre nan final sezon 2006 la--final Houston Dinamo te ranpòte an pwolongasyon. Yon defansè ekip New England Revolution-nan Jay Heaps di li desu pou fason klub la pèdu final la, yè dimanch-la. "Nou pat pwofite de chans nou te gen devann menm lè defans la te anfòm pandan faz final la. Mwen kwè nou te neglijan apre nou te make yon bèl gòl." daprè pawòl Jay Heap.

Sa fè New England 4 trièm fwa li patisipe nan yon final san oken suksè.

Itali ak la Frans kalifye pou faz final Ero 2008 la Ekòs elimine apre yo tonbe 2 a 1 devan Itali. Kwasi kalifye malgre defèt 2 a 0 yo subi devan Masedwa n nan group E a. Viktwa 2 a 1 Izrayèl ranpòte devan Moskou kite pòt la tou louvri pou Angletè jwen yon plas nan faz final la akondisyon yo fè yon match nul pou pipiti lè yap rankontre ak Kwasi Mèkredi. Si Angletè pèdu la Rusi ap kalifye pou faz final la. La Oland kalifye apre viktwa 1 a 0 yo ranpöte devan Luksanbourg.

Yon seri de seleksyon kalifye ak difikilte. Se ka pou Espay ki twonse la Grès 3 a 0 pou l jwen tikè l pou faz final la-kalifikasyon ki pèmèt antrenè espayòl Luis Aragones eksprime kè kontan. Defèt la mete Swedwa yo nan yon pozisyon kote yo dwe fè yon match nul Mèkredi lè yap rankontre Lituani apre viktwa 2 a 1 Irland du Nò ranpòte devan Danmak. Irland du Nò toujou nan kous la akondisyon li kale Espay Mèkredi nan Las Palmas ak posibilite pou la Swèd tonbe devan Lituani.

Rès kalifye yo nap konnen yo Mèkredi nan okazyon dènye jounen eliminatwa Ero 2008 la kap dewoule an tandè m ant la Swis ak Otrich.

An palan de konpetisyon an tandè m Unyon Football Bulgari fè konnen yap etudye posibilite pou peyi a ta òganize koup Eròp dè nasyon an 2020. Responsab yo kwè yo dwe kòmanse konstrui stad ak lòt enfrastruktu nan 12 pwochè n ane si yo vle òganize konpetisyon an.

Balon te woule nan Amerik du Sud yè Dimanch kote Brezil fè match nul 1 a 1 fas a Pewou. Chili sove la fas devan Urugwe 2 a 2. Arjantin woule Bolivi 3 a 0. Riquelmen make 2 gòl nan viktwa arjanten an.

Nan match amikal entènasyonal Jamayik woule Salvador 3 a 0 nan Kingston. Jamayiken yo ap rankontre Gwatemala Mèkredi nan yon lòt chofe jarèt. Samdi Etazuni kale Afrik du Sud nan Johannesburg nan kad yon rankont amikal nan menm stad kote Etazuni pral patisipe nan koup Konfederasyon FIFA an 2009 e pwobableman koup du mond 2010 la. Afrik du Sud espere amelyore pèfòmans li lè yap rankontre ak Kanada demen Madi a.

Nan Miami Honduras kale Gwatemala 1 a 0 Samdi gras ak bout gòl Walter Martinez make.

Sou kontinan Afriken an Kameroun ak Kot Divwar kalifye pou faz final je zolenpik Peken 2008 yo. Kamerounè yo kale Gine 3 a 1 pandan Kot Divwa danse sou Zambi 4 a1. An Ostrali 3 footballè Irakyen ak yon asistan antrenè pa retounen ak seleksyon an ki sot patisipe nan yon match kalifikatif Je Zolenpik. Irakyen yo pèdu 2 a 0 devan Ostralyen yo.

Foutbol stil ameriken (foutbol zèpòl kare) New England Patriots ranpòte 10 zièm viktwa afile l pou li rete envenku pou sezon an. Patriots danse sou Buffalo Bills 56 a 10. Washington Redskins tonbe devan archi rival li Dallas Cowboys 28 a 23 nan Dallas.

Atletis

Ajans Anti Dopaj Mondyal vote ansyen Minis spò Ostralyen John Fahey kòm nouvo prezidan òganizasyon an malgre kèk peyi Eropeyen te kouche an kwa. Fahe se te sèl moun ki te kandida pou ranplase Kanadyen Dick Pound nan tèt òganizasyon an. Minis spò Franse Jean François Lamour te retire kandidatu l an pwotestasyon ak kandidatu msye Fahey. Ajans Anti Dopaj Mondyal la vote yon seri de lwa tankou atlèt yo ap fè fas ak 4 tran suspansyon pou dopaj. Nouvo kòd la pèmèt yon reduksyon pou atlèt ki rekonèt yo sèvi ak yon pwodui dopan ou byen ki ede responsab yo idantifye atlèt magouyè. Ajans la dakò pou konpetisyon yo dewoule sèlman nan peyi ki ratifye konvansyon UNESCO sou dopaj la.

Volebòl

Hector Soto make 29 pwen nan viktwa 3 a1 seleksyon volebòl maskulen Porto Riko a ranpòte devan Etazuni nan kad chanpyona du mond kap dewoule o Japon. Nan lòt rankont la Rusi kale Ostrali 3 a 0. Arjantin danse sou Tunizi 3 a1 epi Japon wouze Kore du Sud 3 a 0. 3 premye nan tounwa 12 peyi a ap kalifye pou je zolenpik Peken yo ane pwochèn.

Basketball

Washington Wizards ranpòte 4 trièm viktwa afile yo-fwa sa a yo kale Portland Trail Blazers 109 a 90. Washington ap repran fòm apre 5 defèt li te subi pou kòmanse sezon-an.

Tennis

Numewo 1 tenis mondyal maskulen an Swis Roger Federer kale espayòl David Ferrer 6-2, 6-3, 6-2 pou l ranpòte tounwa tenis dè Mèt Shangai la--dènye tounwa tenis pou ane a-Federer foure nan pòch li 1 milyon 200 mil dola pou viktwa a. Federer fini sezon an ak yon salè 8 milyon--630 mil-620 dola pou ane a.

Swis Roger Federer ak ameriken Pete Sampras konsidere kòm 2 pi gran jwè tenis planèt janm konnen eksepte yo pa janm kwaze rakèt. Pou la premyè fwa 2 vedèt yo ap rankontre nan yon seri 3 match sou kontinan Azyatik la ak yon premye rankont nan Sewoul demen Madi a. Apre rankont Sewoul la 2 vedèt yo ap mete tèt pou Kuala Lumpur Jedi avan yo rankontre nan Samdi nan Macau. Sampras ki pran retrèt li an 2002 di li espere Federer depase rekò 14 tounwa tenis Gran Shelem li te ranpòte nan karyè l. Federer ranpòte 12 tounwa Gran Shelem aloske Sampras ranpòte 14

XS
SM
MD
LG