Accessibility links

Breaking News

Ayiti Se Manm-Fondatè Yon Nouvo Polis Entènasyonal Ki Fòme pou Konbat, antwòt, Trafik Dwòg ak Aktivite Teworis


Nan yon reyinyon ki te dewoule semenn sa a nan Kolonbi, otorite lapolis divès peyi sou kontinan ameriken an deside fòme yon nouvo fòs polis entènasyonal pou lite kont trafik dwòg ak aktivite teworis --pou n site zak ilegal sa yo sèlman. Chèf PNH la (Polis Nasyonal Dayiti) Mario André-Sol, siyen nan non peyi li dokiman ofisyèl ki anonse kreyasyon nouvo fòs polis la.

Yon lòt kote, palman ayisyen an -ki te reyini jedi 15 novanm nan ann asanble nasyonal- ratifye yon akò gouvènman Préval-Alexis a te siyen ak Taywann pou finanse acha ekipman Leta ayisyen an.

Anfen, yon delegasyon misyon diplomatik Lèzetazini an ann Ayiti --ki te gen nan tèt li Anbasadè Janet Sanderson-- mete fen nan yon toune 2 jou nan Depatman Sid la kote delege yo vizite pwojè USAID ap finanse nan rejyon an.

Klike sou lyen anlè a pou w koute devlopman nouvèl sa yo ak jounalis/korespondan nou yo.

XS
SM
MD
LG