Accessibility links

Breaking News

Sispenn nan Koup dEròp peyi Eropeyen yo


Football

Balon gen pou l woule week-end sa a sou kontinan ewopeyen an nan kad eliminatwa“Euro 2008” la. Angletè, Lafrans, Lekòs, Larisi, Itali tou lè 5 peyi sa-yo bezwen yon plas pou yo kalifye.

Samdi kap vini la a, obsèvatè yo pral swiv ak anpil atansyon yon rankont ant Itali ak Lekòs nan moman 2 seleksyon yo bezwen youn pami 2 plas ki rete nan group yo a. Yon viktwa ekip Ekosè a lakay li ap pèmèt li jwenn kalifikasyon n pou la premyè fwa nan 15 zan pou faz final gran tounwa football sa a. Ekosè yo ap elimine si Italyen yo ranpòte la viktwa, yon rezilta ki tap pèmèt la Frans pran tikè l pou tounwa final la. Yon match nul ap mete Italyen yo nan yon situasyon kote yo ta dwe ranpòte la viktwa lè yap rankontre Il Feroe yo Mèkredi, tandiske Lekòs swete yon viktwa Ukrèn devan Lafrans.

Pòtugal kapab kalifye si l kale Armeni a kondisyon ke Sèbi ak Findland ta pèdi rankont pa yo. La Polòy, ki nan tèt group A a ak yon pwen, kapab kalifye si li kale Labèljik. Nan group D a, pa gen oken pwoblèm puiske moun deja konnen 2 kalifye yo: se Almay ak Republik Tchèk. Tuki ak Nòvèj toujou ap fè efò nan group C a kote Lagrès deja kalifye. 2 ekip yo (seleksyon Tuk la ak 11 nasyonal Novèj la) ap rankontre Samdi. la Norvèj gen 2 pwen davans ak yon rankont an mwens.

La Oland kapab kalifye si l bat Luksanbourg nan group G a kote Bulgari dwe kale Woumani nan Sofia pou l kalifye si Olandè yo elimine. Kwoasi kapab domine Group E a si l kale Masedwàn an deplasman. Yon viktwa Izrayèl sou la Rusi Samdi t ap nan avantaj Langletè k ap jwe yon match amikal ak Otrich demen Vandredi a. Si la Rusi kale Izrayèl, lap klase 2 zièm devan Langletè ki, nan ka sa a, pral bezwen yon seri de rezilta konbine pou li pa rate faz final gwo tounwa football sa a kote li toujou reponn prezan depi koup di mond 1994 la.

2 peyi Benelux yo, Beljik ak la Oland, anonse entansyon pou yo òganize an tèt ansanm koup du mond football la an 2018, apre rankont dirijan yo fè ak responsab FIFA yo nan vil Zurik an Swis. Dirijan yo fè konnen Beljik ak La Oland fèt pou travay kòm yon sèl òganizasyon e non tankou 2 peyi endepandan, jan sa te fèt nan koup du mond 2002 la ki te dewoule an menm tan nan Kore di Sid ak Japon an. Beljik ak la Oland deja òganize an tandèm koup d’Eròp dè Nasyon 2000 la.

A pati de 2018, koup du mond football la ap sispann dewoule par rotasyon. Nenpòt peyi sou nenpòt ki kontinan kapab poze kandidatu l. Sistèm rotasyon FIFA a ap pran fen an 2014 apre koup du mond ki pral dewoule o Brezil la.

Yon l̀ot kote, peyi sid-Ameriken yo ap sou teren an tou nan kad eliminatwa koup du mond FIFA/ Afrik du Sud 2010. Samdi nan Buenos Aires, seleksyon nasyonal Arjantin nan ap akeyi 11 Bolivyen yo. Nan Bogota, seleksyon Kolonbyèn nan ap resevwa Venezuela. Ekwatè prale nan Asuncion pou l rankontre Paragwe; Dimanch Brezil pral fè deplasman an nan Lima kote li pral woule balon devan seleksyon nasyonal Pewou a, epi toujou nan menm dimanch la nan Montevideo, Urugwe ap akeyi Chili.

Tennis

Numewo 2 tennis mondyal la, Espayòl Rafael Nadal ak konpatriòt li David Ferrer, kalifye pou semi final tounwa tenis dè mèt yo k ap dewoule nan Shangai nan Lachin. Nadal elimine numewo 3 mondyal la, Novak Djokovic, 6-4, 6-4. Jounen an te bon tou pou Ferrer ki wouze franse Richard Gasquet an 2 manch: 6-1, 6-1. Demen Vandredi a, ameriken Andy Roddick ap rankontre Swis Roger Federer. Roddick deja kalifye pou semi final la, tandiske Federer, li menm, bezwen yon viktwa pou l kalifye pou pwochen tou a. Lòt match la ap mete fas a fas Rus Nikolay Davydenko ak chilyen Fernando Gonzalez.

Volebòl

Nan voleball: Lèzetazini ak Itali kalifye pou faz final tounwa volebòl feminen ki gen pou dewoule nan je zolenpik Peken yo gras ak viktwa yo chak ranpòte. Amerikèn yo kale Japonèz yo sou yon sko 3 a 0, pandan ke seleksyon Italyèn nan pase Kubèn yo yon swif: 3 a 0. Seleksyon brezilyèn nan toujou vivan gras ak yon viktwa 3 a 0 li ranpòte sou medam La Sèbi yo. 3 sou yon total 12 peyi kap patisipe nan tounwa a, ap kalifye pou je zolenpik yo.

Basketball

Nan Baskètball pwofesyonèl la o Zetazini: Ekip Seattle Supersonics ranpòte premye viktwa li pou sezon an ak yon kal li bay Miami Heat; s̀rezilta final la se 104 a 95. Viktwa a mete fen nan 8 defèt afile Supersonics te subi nan chanpyona a. Mesye Boston Celtics yo kontinye ap byen mennen apre yo ranpòte 7 tièm viktwa afile yo. Celtics wouze New Jersey Nets 91 a 69. Orlando Majik pase akote yon defèt pou l kale Cleveland Cavaliers nan pwolongasyon 117 a 116, malgre Lebron James make 39 pwen, misye trape balon an 13 fwa epi fè 14 pas ki make pwen. 2 ekip Los Angeles yo (Lakers ak Clippers), Detroit Piston, Minnesota Timberwolves, Washington Wizards, Utah Jazz, New Orleans Hornets, Atlanta Hawks, Milwaukee Bucks, ak Denver Nuggets, tout ekip sa yo ranpòte la viktwa.

Toujou nouvèl sou Basketball: Responsab New York Knicks yo frape jwè-vedèt ekip la, Stephon Marbury, yon amand plis pase 180 mil dola pou yon absans non motive. Absans la rive apre yon mezantant Marbury te genyen ak antrenè Knicks yo, Isiah Thomas. Marbury di antrenè a te ba l pèmisyon pou l pran yon ti vakans.

XS
SM
MD
LG