Accessibility links

Breaking News

Palman Ayisyen an Pa Rive Ratifye Yon Akò 50-Milyon Dola ak Tayiwan


Palman ayisyen an pa rive ratifye yon akò prè ant Ayiti ak Tayiwan, akò ki tapral pèmèt Ayiti jwenn 50-milyon dola pou achte ekipman ak 300 kamyon. Renan Toussaint ap di nou plis nan yon korespondans depi Pòtoprens.

Vyolans kontinye ap afekte yon lokalite tou pre vil Ti Gwav. Yon fwa ankò, gen yon ka lanmò akòz deblozay ak peyizan nan seksyon an. Korespondan nou Montigene Sincère gen detay.

Depi Tanpèt Twopikal Noël fin pase sou Ayiti, divès maladi ap deklare nan mitan popilasyon an, sitou maladi je. Kijan sitiyasyon an ye nan Kap-Ayisyen? Yvan Martin Jasmin ap fè "le point".

Sou menm tèm sante a, Marie-Luce Pierre fè yon ti kozman ak Doktè René Charles ki sot' pibliye yon liv sou maladi dyabèt. Jodi 14 novanm nan se jounen Mondyal Dayabèt.

Fè klik sou ralonj anlè foto a pou w ka tande repòtaj sa yo.

XS
SM
MD
LG