Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Nouvo Menas Inondasyon


Lapli k'ap tonbe depi plizyè jou ann Ayiti koze anpil dega nan plizyè depatman peyi a. Korespondan nou Yvan Martin Jasmin, pou plis eksplikasyon depi Kap-Ayisyen.

Pandansetan, Sant Nasyonal Meteoroloji Ayiti a anonse li toujou kenbe nivo alèt inondasyon an sou plizyè depatman jeografik peyi Dayiti. Nan mikwo Jn-Pierre Leroy, Ronald Semelfort, ki se Direktè Sant sa a, ap fè yon bilan sou dènye inondasyon ki frape depatman Nò, Grandans ak depatman Nip la.

Bank Mondyal, Inyon Ewòp la, Kanada, ak kèk lòt enstitisyon finansye entènasyonal deja pare pou debloke lajan ki pral ede otorite aysyèn yo fè fas ak dega inondasyon kontinye provoke atravè peyi a.

Anfen, otorite yo arete 5 moun pou pi piti nan kad yon operasyon anti-dwòg yo mennen nan sant peyi dAyiti, dapre yon korespondans Jean-Christophe Collègue.

Pou w ka tande repòtaj sa yo, fè kli sou ralonj ki anlè foto a.

XS
SM
MD
LG