Football
Otorite Italyen yo ap ankete yon polisye nan lanmò yon fanatik football Lazio de Wòm. Otorite yo menm ap chache suspann aktivite lig football la pou plizyè semen. Otorite yo vle adopte mezu ki vize anpeche fanatik yo idantifye kòm vyolan pou pa asiste rankont football nan yon seri de lòt vil.
Footballè Franse Lilian Thuram ki reprezante peyi pandan 134 fwa, fè konnen lap kraze yon kite sa si peyi l la Frans pa kalifye pou koup dEròp dè Nasyon an. La Frans nan tèt group B a e bezwen yon nul lè lap rankontre Ukrèn semen pwochèn nan pou l kalifye pou faz final la.
Antrenè seleksyon Rus la Guus Hiddink fè konnen ap gen yon gwo rekonpans si seleksyon an kalifye pou faz final Ero 2008 la. Rus yo, ki deja kale Angletè mwa pase a, dwe ranpòte 2 pwochen rankont yo kont Izrayel ak Andòr, si yo vle kalifye pou faz final la.
Seattle Seahawks suprann San Francisco 49ers ak yon viktwa 24 a 0. Ekip San Francisco a subi 7 tièm defèt li pandan ke Seattle gen yon palmarès 5 viktwa 4 defèt.
Basketball
New Orleans Hornets ranpòte yon viktwa supriz devan New Jersey Nets 84 a 82 gras ak yon 2 pwen Chris Paul make mwens ke 3 sekond avan fen tan reglemantè a. Nan lòt rankont Denver Nuggets wouze Cleveland Cavaliers 122 a 100 gras ak 37 pwen Allen Iverson make. Nan Salt Lake City Utah Jazz tronse Sacramento Kings 117 a 93.
China/ OIlenpik
Otorite Chinwa yo defann desizyon yo pran pou kolekte enfòmasyon sou jounalis etranje kap vinn kouvri je zolenpik yo-ke yo juje kap bon pou medya yo. Objektif la dapre yon responsab la se pa pou espyone non plis pou menase jounalis.
Atletisme
Federasyon Atletis Entènasyonal la ratifye rekò kous maraton 2 zhè--4 minit--26 sekond kourè Etyopyen Haile Gebrselassie te bat nan maraton Berlen an 30 Septanb ane sa a-yon amelyorasyon de 23 sekond rekò Kenyan Paul Tergat te bat an 2003. Federasyon an ratifye tou rekò kourè Rus Vladimir Kanaytin te bat nan mach 20 kilomèt la. Rekò semi maraton an ofisyèlman al jwen kourè Olandè Lornah Kiplagat.