Accessibility links

Breaking News

Plis Ed Bayè de Fon Entènasyonal yo pou Ayiti aprè Pasaj Tanpèt Twopikal Nwèl


Ayiti: Bayè de Fon Entènasyonal yo pwomèt Ayiti plis asistans ekonomik pou ede otorite yo fè fas ak move konsekans pasaj tanpèt twopikal Nwèl sou peyi a. Se sa reprezantan ajans finansye entènasyonal yo anonse nan yon rankont yo fè Jedi 8 novanm 2007 la avèk ofisyèl ayisyen yo nan Pòtoprens. Minis Enteryè ayisyen an, Paul Antoine Bien-Aimé, bay Lavwadlamerik detay chifre sou rankont sa a. Yon lòt kote, reprezantan Inyon Ewòp la an Ayiti, Anbasadè Francesco Gossetti --ki t ap vizite Depatman Sid la-- anonse I.E. pral ogmante kowoperasyon li ak Ayiti nan domèn edikasyon an.

Klike sou lyen anlè a pou w koute devlopman nouvèl sa yo avèk jounalis/korespondan nou yo.

XS
SM
MD
LG