Prezidan fransè a, Nicolas Sarkozy --k ap fè yon vizit ofisyèl o Zetazini-- pran lapawòl devan 2 chanm kongrè ameriken an reyini mèkredi 7 novanm 2007 la. Nan mesaj misye Sarkozi mete devan depite ak senatè ameriken yo, li pale de amitye istorik espesyal ki egziste ant Washington ak Paris e li fikse pozisyon Lafrans vizavi gwo pwoblèm mondyal yo.
Klike sou lyen anlè a pou w koute kèk pasaj enpòtan nan mesaj prezidan fransè a.