Accessibility links

Breaking News

Yon Nouvo Pwomosyon Polisye ap Sòti Madi 6 Novanm nan nan Akademi Polis Dayiti


Ann Ayiti, Akademi Polis Nasyonal la ap diplome yon nouvo pwomosyon madi 6 novanm nan. An tou, 628 nouvo ajan (548 gason ak 80 fi) fin resevwa fòmasyon ki nesesè pou yo kòmanse pwoteje e sèvi popilasyon an. Pòtpawòl Polis Nasyonal la (PNH), komisè Frantz Lerebourg, di nou prensipal misyon nouvo polisye sa yo se kontwole vyolans ak krim ki fèk rekòmanse nan peyi a.

Yon lòt kote, responsab Biwo Pwoteksyon Sivil la nan Pòtoprens bay dènye chif yo pou kantite moun ki viktim ak dega ki fèt pandan pasaj tanpèt twopital Noel sou peyi a. Anfen pèp vil Miragwàn ap pwoteste kont lavi a k ap vin pi chè chak jou. Yo di se gouvènman Préval-Alexis a ki reskonsab.

Klike sou lyen anlè a pou w koute devlopman nouvèl sa yo.

XS
SM
MD
LG