Plis pase 60 moun mouri, anviwon 100 lòt disparèt, se bilan ofisyèl kantite mounn ki viktim anba tanpèt twopikal Noël ki frape Ayiti semèn pase. Nan rejyon sid peyi a, populasyon kap viv nan zòn "riske yo" lanse apèl pou mande otorite yo ede yo kite zòn rejyon sa yo. Antretan, premye minis ayisyen an, Jacques Edouard Alexis, reklame inite nan mitan gonayivyen yo e, pa ekstansyon, nan mitan pèp ayisyen an nan okazyon fèt Sen-Charles, Sen-patwon vil Gonayiv. Nan sikonstans lan, chèf dyosèz Site Endepandans lan, Monseyè Andre Pierre, voye senpati li ak senpati Konferans Episkopal la bay fanmi tout viktim yo, e l' mande pèp aysiyen an pote-kole pou ede sinistre yo.
Ale sou lyen ki anlè atik sa a pou koute repòtaj korespondan nou yo.