43 mò, 15 moun disparèt, 79 blese, 14.198 sinistre, 1.076 kay kraze, 4.880 lòt andomaje, se denyè bilan parsyèl ki soti nan Biwo Pwoteksyon Sivil la nan Pòtoprens vandredi 2 novanm nan.
Direktris biwo sa a, Madam Alta Jean-Baptiste, ap repati bilan sa a pou chak depatman jeografik kote ki gen viktim yo.
Konsènan efò sekou yo, sekouris yo rankontre difikilte nan kad efò y’ap fè pou dekouvri survivan yo e pote sekou bay sinistre yo. Korespondan nou Clarens Renois ap reponn kesyon Ronald César.
Klike sou lyen anlè a pou w koute repòtaj sou aktyalite a ann Ayiti pou vandredi 2 novanm 2007 la.