Accessibility links

Breaking News

Pòtoprens: Plis Pase 20 Moun Mouri Akoz Tanpèt Tropikal Noël


Lakwawouj Nasyonal, Ministè afè sosyal, Polis Nasyonal la, Kò Pompye ak MINUSTAH ap rapousuiv operasyon sovtaj yo pou pote sekou bay viktim tanpèt tropikal Noël yo.

Madam Alta Jean-Baptiste ki se direktris Biwo Pwoteksyon sivil la ap prezante sou Lavwadlamerik dènye bilan pasyèl yo aprè tanpèt tropikal Noël finn fè dega nan peyi a.

Direktris Biro Pwoteksyon Sivil la, di li jwenn kolaborasyon ONG k’ap travay nan domèn imanitè ak konkou MINUSTAH ki fasilite misyon evaluasyon yo.

Pou kounye a aktivite evaluasyon yo ap rapousuiv nan tout depatman jeografik yo sou sipèvizyon Sant Operasyon Ujans Nasyonal la ki nan ministè enteryè.

Entretan, gouvenman ayisyen an -- ki deja debloke 10 milyon goud -- kontinye ap fè demach pou kominote entènasyonal la ede Ayiti jwenn plis resous.

Klike sou lyen anlè a pou w koute repòtaj sou aktyalite a ann Ayiti pou mèkredi 31 oktòb 2007 la.


XS
SM
MD
LG