Accessibility links

Breaking News

Bilan Tanpèt Noël Ap Ogmante Pandan Otorite yo Ap Dekouvri Nouvo Viktim


Tanpèt twopical Noël koze lanmò omwens 48 moun nan rejyon Karayib la, anvan li vanse nan direksyon Bahamas ak eta Florid. Omwens 30 moun mouri nan Repiblik Dominikèn e 24 lòt pèdi lavi yo ann Ayiti akòz tanpèt tropikal la. Sepandan, responsab nan Biwo Pwoteksyon Sivil nan Pòtoprens di Vwadlamerik bilan an kapab vin pi wo toujou...

Spesyalis meteo yo ozetazini fè konnen Noël pote anpil lapli ki kapab fè inondasyon ak glisman teren nan Repiblik Dominikèn e ann Ayiti. Komite Leta pou Ka Dezas yo nan Sendomeng fè konnen otorite yo mande plis pase 12 mil moun pou yo kite kay yo.

Nouvèl yo ap chanje tanzantan, men si ou fè klik sou ralonj anlè foto a, w ap tande repòtaj korespondan nou Rotchild François, Jr. te ban nou nan mitan jounen an.

XS
SM
MD
LG