Accessibility links

Breaking News

Ensekirite Refè Sifas nan Vil Pòtoprens: Yon Ajan Polis Pèdi Lavi l' nan Kapital Ayisyen an.


Yon nouvo polisye ayisyen tonbe jedi maten nan Pòtoprens !Jonathan Jean-Louis, ki ta pra l' nan baz li nan Pétion-Ville, te resevwa plon nan tèt pandan li tap tann yon kamyonèt nan katye bissantnè, nan rejyon sidwès kapital la. Dapre yon sous polisyè, se kèk nèg ame ki te abò yon otomobil ki tire ajan Jean-Louis. Ensidan sa a rive mwenske 2 jou apre Lesly Delva ki tap travay pou Direksyon Santral Polis Jidisyè a(DCPJ) te tonbe anba bal enkoni nan zòn Fontamara. 2 zak sa yo bay moun kè sote devan sa ki sanble reaparisyon fenomèn ensekirite a ki te bese anpil pandan 3 dènye mwa yo an'n Ayiti.

Fè yon klik sou ralonj ki anlè atik sa pou n' koute Korespondan nou Clarens Renois kap devlope tèm sa a pou nou.

Yon lòt kote, nan metwopòl sud la, Jean Ernest Eliscar di nou responsab lokal yo pa dakò ak pwopozisyon prezidan ayisyen an, René Préval, pou l' fòme Konsèy Elektoral Pwovizwa a avèk reprezantan otorite lokal yo.

Pou plis detay sou depèch sa a ale sou dezyèm ralonj ki anonse Eliscar anwo atik sa a pou n' koute repòtaj li a.

XS
SM
MD
LG