Accessibility links

Breaking News

Ajantin Sanble Pare Pou Li Eli Madan Krichner Kòm Prezidan


Dosye eleksyon nan rejyon Amerik yo: Nan Ajantin, Premyè Dam Cristina Fernandez de Kirchner sanble li sou wout pou l’tounen premye fanm nan nasyon sa a, nan Amerik di Sid la, ki eli kòm Chèf Leta a. Nou ka sonje ke Evita Peron, twazyèm madanm Juan Peron, te vin prezidan an 1974 lè mari li te mouri. Madan Kirchner pare pou li ranpòte eleksyon yo nan fen mwa oktòb 2007 la.

Nan peyi Kiba, anviwon 8 milyon elektè ap chwazi 15 mil manm Konsèy Minisipal. Se premye etap nan yon seri eleksyon ki dwe bout nan mwa mas 2008 ak eleksyon yon nouvo Asanble Nasyonal. Asanble sa a ap gen dwa konsakre Raul Castro ofisyèlman kòm Prezidan, nan plas gran-frè li Fidel ki te remèt li pouvwa a nan La Avàn nan mwa jiyè 2006, akòz pwoblèm sante.

Koute nouvèl sa yo an detay lè w fè klik sou ralonj ki anlè foto a.

XS
SM
MD
LG