Accessibility links

Breaking News

15 zyèm Reinyon Gwoup Cariforum nan Fini nan vil Pòtoprens, Ayiti


Reunyon minis afè etranjè peyi Cariforum nan (ki rasanble 17 peyi karibeyen ) bout vandredi apre midi nan kapital ayisyèn nan, Pòtoprens. Minis afè etranjè ayisyen an, Jean Rénald Clérismé, deklare reunyon an te pozitif anpil e l' pèmèt delege yo etudye yon seri pwogram nevyèm Fon Devlopman Ewopeyen finanse pou yon sòm 108.09 milyon ewo. Plan sa a gen ladan kreasyon yon pwogram enfrastrikti ekonomik sou 2 bò fwontyè ki separe Ayiti ak Repiblik Dominikèn nan. Msye Clérismé ajoute, delege yo pran angajman tou pou yo defann enterè rejyon an, sutou nan negosyasyon sou akò patenarya ekonomik avek Unyon Ewopeyèn nan. Men nan dizyèm Fon an, Unyon Ewòp la prevwa yon anvlòp 160 milyon ewo.

NB: Repiblik Dominikèn ak Kuba fè pati Cariforum nan, malgre yo pa manm Caricom.

Fè yon "klik" sou lyen ki anlè atik la pou n' koute yon ekstrè deklarasyon minis Clérismé ki te reponn kesyon kolaboratè nou, Jean Pierre Leroy

XS
SM
MD
LG