Accessibility links

Breaking News

Tiraj Osò Koup dAfrik de Nasyon 2008 la Fikse pou Demen


Football

Konfederasyon Football Afriken an anonse Nijerya ak Tunizi ap pami tèt de seri Koup dAfrik des Nasyon an 2008 la. Gana kap akeyi konpetisyon an ap nan group A. Ejipt ap nan group C a. Tiraj osò a fikse pou demen Vandredi a nan vil Akra

FIFA deside deplase match retou la Chin kont Myanmar( Birmani) nan Malezi apre operasyon sere boulon otorite Birmani yo men-nen kont moun kap manifeste an favè demokrasi. Match la ap jwe 28 Oktòb pou zòn Azyatik la. Otorite yo poko di nan ki vil rankont la pral jwe akoz seleksyon Malezyen gen pou l jwe yon match kalifikatif koup du mond menm jounen an nan Kuala Lumpur.

Atakan klub Angle Chelsea Ivwaryen Didier Drogba konfime entansyonn pou l kite klub la akoz moral jwè yo ba anpil apre depar antrenè Jose Mourinho.

Seleksyon Nasyonal ayisyen an fè match nul 1 a ak Kosta Rika yè swa nan San Jose. Walter Centeno te louvri skò a pou Kosta Riken yo nan 48 tièm minit 2 zièm mitan an avan Jean Alcenat egalize pou Ayiti nan 67 tièm minit rankont la.

Seleksyon Olenpik Trinidad and Tobago fè match nul 0 a 0 ak Salvador nan kad yon match amikal chofe jarèt ki dewoule yè Mèkredi a. Gwatemala suprann Meksik ak yon viktwa 3 a 2 nan Los Anjeles epi nan Bal an Swis Etazuni ranpòte yon viktwa 1 a 0 devan la Swis.

Nan match kalifikatif koup du mond pou zòn Amerik du Sud la Brezil danse sou Ekwatè 5 a 0 nan stad Marakana a nan Rio de Janeiro. Chili suprann Perou 2 a 0. Paragwe kale Urugwe 1 a 0. Kolonbi fè match nul ak Bolivi 0 a 0.

La Grès, Republik Tchèk ak Woumani kalifye pou final Ero 2008 la. Angletè nan pwoblèm apre defèt 2 a 1 yo subi devan la Rusi. Tchèk yo kalifye gras ak yon swif 3 a 0 yo pase Almay ki deja kalifye. La Grès kalifye apre viktwa tou mens 1 a 0 li ranpòte devan Turki. Aloske Woumami rive nan faz final la apre viktwa 2 a 0 yo ranpòte dean Luxambourg. Ekòs nan pwoblèm apre defèt 2 a 0 yo subi devan Jòrji.

2 gòl Thierry Henry make nan viktwa 2 a 0 la Frans ranpòte devan Lituani pèmèt li depase rekò 41 gòl Michel Platini te bat pou seleksyon an. Thierry Henry kap jwe nan FC Barselòn te kòmanse pou seleksyon an 11 Oktòb 1997 nan okazyon yon rakont franse yo te jwe kont Afrik du Sud make 43 gòl pou l depase Platini ki te make 41 gòl pou seleksyon franse a.

Antrenè Raymond Domenech poko vle selebre la viktwa malgre la Frans nan tèt group B a. Msye Domenech di yo dwe tann pwochen rankont la Frans gen pou jwe kont Ukrèn an Novanm. La Frans kapab kalifye akondisyon Itali kale Ekòs nan ka kontrè franse yo dwe ranpòte la viktwa kont Ukrè n. La Oland ranpòte yon viktwa 2 a 0 devan Sloveni pou l relanse l nan batay pou yon plas nan faz final la.

Afrik du Sud tonbe 2 a 0 devan Itali nan kad yon match amikal entènasyonal. Nan Portland Oregon seleksyon feminen Etazuni tronse Meksik 4 a 0.

Footballè Angle David Beckham kapab retounen sou teren an jodi a lè Los Anjeles Galaksi kapab jwe dènye rankont li pou sezon regulye a kont New York Red Bulls. Galaksi dwe kale Red Bulls s il konsève chans pou faz final la.

Kyrgyzstan kale Jordani 2 a 0 nan kad match ale eliminatwa koup du mond football ki gen pou dewoule an Afrik du Sud an 2010. Match retou a fikse pou 28 Oktòb nan Amman. Seleksyon ki ranpòte seri ale a ap kalifye pou 2 zièm tou a.

XS
SM
MD
LG