Football
Ayiti kalifye pou 3 zièm e dènye faz eliminatwa je zolenpik Peken 2008 yo apre li ranpòte triyangulè fas a Jamayik ak Bahamas. Ayiti ansanm ak Kuba ap reprezante zòn Karayib la ak Etazuni, Kanada ak Meksik plis reprezantan Amerik Santral la pou faz final la. 2 Premye yo ap kalifye pou Je Zolenpik Peken 2008 yo. Seleksyon seniò ayisyen an ta dwe kite Ayiti jodi a nan direksyon Kosta Rika kote li pral rankontre seleksyon lokal la.
Footballè adolesan ameriken Freddy Adu non-men pami 21 jwè antrenè Bob Bradley konvoke pou match amikal Etazuni ap jwe kont la Swis nan Bal Mèkredi. Sa fè 2 zièm fwa Adu konvoke nan seleksyon seniò ameriken an.
Premye group volontè FIFA ki pral travay ak medya yo pandan tiraj osò koup du mond ki gen pou dewoule an Afrik du Sud an 2010 kòmanse swiv yon seminè sou travay kap tann yo. Tiraj osò a dewoule 25 Novanm 2007 nan Durban an Afrik du Sud-premye evenman spòtif kap dewoule lakay peyi òganizatè a. nan
Nan match kalifikatif koup du mond Brezil fè match nul 0 a 0 ak Kolonbi. Arjantin kale Chili 2 a 0 gras ak 2 gòl kou fran Juan Roman Riquelme make pou arjanten yo. Paragwe fè match nul 0 a 0 ak Perou. Venezuela ranpòte yon viktwa tou mens devan Ekwatè 1 a 0. Urugwe danse sou Bolivi 5 a 0. Demen Madi a Venezuela ap akeyi Arjantin nan Maracaibo. Lòt peyi nan Amerik du Sud ap jwe Mèkredi 17 Oktòb la.
Meksik fè match nul 2 a 2 ak Nijerya nan kad yon match amikal entènasyonal. Salvador fè match 2 a 2 ak Kosta Rika nan kad yon match amikal entènasyonal. Panama tonbe devan Honduras 1 a 0. Seleksyon football feminen ameriken wouze Meksik ak yon viktwa 5 a 1 nan kad match amikal entènasyonal ki dewoule isit Ozetazuni. Ameriken yo gen pou jwe 2 lòt rankont.
DC United ranpòte konferans de Lès la apre yo fè match nul 0 a 0 ak Chikago Fire Samdi isit Washington. Almay tounen premye peyi Eropeyen ki kalifye pou Euro 2008 la apre yo fè match nul 0 a 0 ak Irland nan Dublin. Angletè kale Letonie 3 a 0 epi ekòS kale Ukrèn 3 a 1. La Frans pilon-nen Il Faroe yo 6 a 0 pou l mete l a 2 pwen dèyè lidè group la Ekòs. Franse yo dwe ranpòte 2 dènye rankont yo si yo vle kalifye pou Ero 2008 la.
Antrenè seleksyon Italyen an Roberto Donadoni di li satisfè ak viktwa 2 a 0 seleksyon an ranpòte Jorji men li kwè seleksyon an dwe fè mye mwa pwochen an kont Ekòs kap domine group B a.
New England Patriòt envenku apre 6 zièm jounen chanpyona football zèpòl kare ameriken an apre kapote Dallas Cowboys 48 a 27. Green Bay Pakers ranpòte 5 kièm viktwa l apre yo suprann Washington Redskins 17 a 14. Tampa Bay amelyore pèfòmans yo nan lig la apre yo kale Tennessee Titans 13 a 10. Buccaneers yo gen yon palmarès 4 viktwa 2 defèt. Baltimore Ravens nan menm situasyon an tou apre viktwa 22 a 3 yo ranpòte devan Saint Louis Rams epi Jacksonvil Jaguars ranpòte 4 triém viktwa l lè yo kale Houston Teksan 37 a 17. Aswè a Atlanta Falcons ap akeyi New York Giants.
Cyclisme
Siklis Espayòl Oscar Pereiro gen pou l resevwa mayo jòn kous bisiklèt Tour de Frans edisyon 2006 la apre Ameriken Floyd Landis te diskalifye pou tèt li te utilize testosteron pou l ranpòte konpetisyon an. Perreiro te devan Landis ak plis pase 8 minit avan ameriken te remonte defisi a nan 17 tièm etap epi ranpòte konpetisyon an ak 57 sekond nan klasman jeneral la yon jou apre.
Tennis
Numewo 5 tenis mondyal feminen an Rus Maria Sharapova pap patisipe nan 2 pwochen tounwa tenis Asosyasyon Tenis Pwofesyonèl la akoz yon doulè nan zepòl.
Kwat Ivo Karlovic suprann chouchou lokal la Swedwa Thomas Johansson ak yon viktwa 6-3, 3-6, 6-1 pou l ranpòte tounwa tenis Open Stockholm nan yè Dimanch la
Rus Elenia Dementieva remonte yon defisi pou l kale ameriken Serena Williams 5-7, 6-1, 6-1 pou l ranpòte tounwa tenis Kremlin an.