Accessibility links

Breaking News

Inondasyon Nan Vil Cabaret ak Croix-des-Bouquets nan Depatman Lwès Peyi Dayiti: Bilan Pwovizwa 45 Mò pou Piti


Gwo lapli ki tombe pandan 2 semèn ki pase sou plizyè depatman jeografik Ayiti touye 23 mounn nan vil Cabaret, yon lokalite ki o Nò kapital la, Port-au-Prince. Chif sa a vinn mete bilan pwovizwa moun ki peri nan move tan an a 45 mò e 5000 mil sinistre, dapre ministè enteryè. Madan Alta Jn-Baptiste, diretris Buwo proteksyon sivil la, di kolaboratè nou, Jean Pierre Leroy, ki mezi otorite yo deja pran pou ede viktim yo.

Ale sou lyen ki anlè atik la pou n’ koute deklarasyon madan Jean-Baptiste la.

Enfòmasyon ki poko konfime fè konnen yo dekouvri 18 lòt kadav nan lokalite Croix-des-Bouquet.

Otorite yo evoke posibilite pou yo dekrete eta dujans nan zòn sinistre yo.

XS
SM
MD
LG